Remèd pou konbat pyè nan ren

Ren se ògàn ki responsab pou filtre san an pou ka fè toksin yo ale nan pipi.Fonksyon prensipal li se dezentoksikasyon san an.

Men kèk ji nou pote pouw ren an ka fè travay li pi fasil

1.Lwil oliv ak sitwon

Melanje lwil oliv ak sitwon se yon remèd tradisyonèl pou prevansyon ak tretman pwoblèm nan ren,gras ak pwopriyete li yo,li detoksifike san epi li favorize eliminasyon eksè pwoteyin ak mineral yo.

Engredyan:

1 kiyè lwil oliv
1 kiyè sitwon

Preparasyon:

Melanje lwil la ak sitwon an epi bwè remèd sa nan maten anvan w manje,fè sa chak maten 2 oubyen 3 semèn

2.Byè ak sitwon

Sa se yon ansyen remèd ki lave vant lan ki fasilite eliminasyon dechè,eleman nitritif li yo elimine enflamasyon nan tisi yo ak retansyon likid.

Engredyan

1/4 tas lwil oliv
Ji yon sitwon
1/2 tas byè (125ml)

Preparasyon

Mete lwil oliv la nan yon bòl epi mete ji sitwon melanje tou de a apre mete byè,mele yo ansanm byen bwasel apre bouche bòl la kitel fè 12 èdtan ap repoze,apre lè sa bwè 2 kiyè chak maten anvan w manje.

3.Seleri ak pòm vèt

Se yon ji ki fre li ede kontan ak anpeche enfeksyon ak pyè nan ren

Engredyan

4 pòm
2 pye seleri
1/2 tas dlo

Preparasyon

Blende yo tout ansanm,apre bwè l chak maten pandan 5 jou anvan w manje

Nenpòt bagay konsilte Doktè w anvan sa paske se pa tout moun ki ka bwè melanj gen moun ki alèji ak kèk fri