konsèy pou ranfòse yon relasyon

Viv ansanm pi fò fwa represante kòlè,rankin,sitiyasyon difisil e si pa gen yon aranjman nan sa,ka vin gen separasyon.

emosyon jwe yon wòl enpòtan se poutèt sa nou dwe kontwole yo,anpil fwa gen debilite ki afekte relasyon an,ki fèn rive fè oubyen di nenpòt bagay tankou joure,jalouzi,mank konfyans,bagay sa yo fè pa gen estabilite nan relasyon an.Avantaj la seke li pa janm twò ta pou pa gen yon chanjman nan yon relasyon.
konsèy sa yo ka edew establi relasyonan janw vlel la

 

1.Toujou mete nan tèt ou,ke moun ou avèl la se yon moun li ye tou,nan nenpòt moman li ka fè erè,li tap pi bon sin apresye bagay positiv nan moun nan ke nap konsève yon ekip bagay negativ.

 

2.Pa meprize pwoblèm,rekonèt yo epi chache solisyon kap bon pou nou de a tout otan sa fèt byen bonè plis chans relasyon an genyen poul sove.

 

3.Montre lanmou nou santi youn pou lòt,karès yo pa dwe janm manke konsa nap pase anpil lane ansanm,lèn santin renmen youn lòt se anpil lanmou kap travesen pap gentan pou zen.

 

4.Toujou di mesi,rekonèt yon bagay moun nan fè ki byen epi dil mesi anpil fwa gen moun ki panse yo dwel sa mesi pa enpòtan pou yo.

 

 

5.Bat pouw toujou reyèl ak fidèl,pa gen yon relasyon kap fonksyone ak yon mank de konfyans,san respè ak enfidelite.

 

6.sèvi tankou bon yon zanmi pou moun nan,nenpòt lè li bezwen yon epòl poul apiye poul ri oubyen kriye ke mari oubyen madanm nan se premye sal jwen nan ki toujou la pou tandel epi apiyel.

 

7.Di sak bon ak sak pa bon yo,konsa sa ap evite nou panse mal.

 

8.Libète pou nou de a,tout moun bezwen viv yon nouvo ekperyans,konfyans se yon pwen esansyèl si se pa sa relasyon an pap dire.

 

 

9.Fè tan,toujou soti ansanm kòmsi nou te fenk renmen sak enpòtan seke nou pase tan ansanm,poun toujou nan yon moman lanmou.

 

10.Kominikasyon,pwen sa nou diw li nan sa anvan yo fè efò poul pa febli,siksè relasyon an depan 90% kominikasyon.