Maryaj se tankou yon edifis kab konstwi

Jan nou diw la Maryaj se tankou yon edifis kap konstwi chak jou,men se jou maryaj yo mete premye brik la epi jou lanmò a li fin bati.

 

Mari ak madanm,ansanm ak timoun yo,depann de:
· Fòs edifis la
· Bote edifis la
· Klète edifis la
· Netwayaj nan edifis la
· Wotè edifis la

 

1.Fòs edifis la:fòs maryaj la pa depan de tablo,asyèt,tab,kabann eltariye ki nan kay la,pou yon maryaj ka solid epi resistan ak tout van,tanpèt,siklòn,li necesè poul gen siman,gravye,elatriye.

 

 

2.Bote edifis la:bote kay la depan de gou ak dimansyon,lanmou e sak pral fleri maryaj la,lanmou pral souri nan kay la chak kwè,kote papa pitit ak manman pral souri se lajwa chak jou paske bote a ap difisil pou fane twòp lanmou.

 

3.Klète edifis la:Siw fè yon kay li femen tout jounen eske solyèl ap rantre ladan?menm si gen limyè atifisyèl men wap bezwen solyèl pou eklere kay la,si non ap gen twòp imidite.Limyè nan maryaj la fòk li yon lanmou san manti,san aparans,san enfidelite.

 

4.Netwayaj nan edifis la:Lè nou diw sa se yon jan pouw pa gade rankin ogèy ki pap mennen pyès kote,rele moun nan pale avèl,bale kè nou menm jan nap bale kay la retire tout ti fil arenyen.Ri,pale,òganize ti fèt ak sèl fanmiw.

 

 

5.Wotè edifis la:se jan nap grandi chak jou,sin chita nou pa janm fè anyen edifis la pap janm avanse,fòk okenn moun pa dòmi,ni fè parès pou travay la ka fèt chak jou,fè travay yo ansanm,manje,lave elatriye.Konsa edifis la ap vale teren.