Mete soutyen san bretèl,sanl pa desann

Li difisil lèn mete yon soutyen kap plede desann ki pa gen,lèe konsa nou pa santin ansekirite,pou tèt sa nan atik sa nap diw yon ti trik pouw ka itilize yo san pwoblèm.

Yon ti rad san tèt oubyen yon tòp ka fè yon bèl ti abiman kounyea se pwoblèm soutyen an,yon premye opsyon se pa mete soutyen ak rad sa yo,yon lòt se mete soutyen ak bretèl envisib oubyen mete soutyen san bretèl sepa tout moun ki ka mete soutyen san tèt paske tout moun pa gen menm gwose tete.

 

1.Achte soutyen demontab,kote nenpòt lè ou ka retire bretèl la

2.Ou ka toujou mete soutyen ak bretèl men antre manch lan anba soutyen an,zòn anba ponyèt la

3.Mete chak bretèl nan bò pa yo,byen ranje yo

4.Siw gen gwo tete,saw ka fè se achte yon soutyen ki sere anpil,lèw fin tachel retire bretèl la

5.Pa achte soutyen san bretèl ki pa byen kenbew

decollete-1688448_960_720

6.Fòk soutyen an byen serew,lèl pa gen bretèl la

7.Pa konfonn soutyen plaj san manch ak soutyen san bretèl

Pa mete rad san manch epi pou manch soutyen an parèt,sa pa fè bèl menm sil,menm koulè ak rad la,soutyen se yon bagay entim se mariw ki gen dwa wèl,chache achte bon soutyen san manch.