Kòman nou dwe pale ak timoun 3 ak 5 lane yo sou sèks?

Nou toujou panse pale bagay sèks ak yon timoun se yon move bagay.Nou dwe aprann timoun yo pa kite se moun deyò ki fè sa pou nou.

Kijan nou dwe adrese yo?

1. Pale byen trankil:Lè pitit ou pozew kesyon sou sèks,jan ou repon li an gentan fèl santi se yon vye bagay, ou sipoze reponn byen fè l konnen ke pa gen anyen mal nan sa poul paka pale avèw.

2. Eksplike l byen:Timoun nan laj sa yo pa bezwen anpil ekplikasyon,itilize yon lang klè pou w ka fè l konprann byen si l mande w sa koulout ye dil koulout pa di l se pipi,vajen se vajen pa dil se yon ti bagay.

3. Ou dwe gen konfyans nan ou:Pa pale brit ak timoun nan pa fè kòmsi ou pa konprann sa li ap di w la.

4. Profite chak sitiyasyon:ou pa bezwen tann e timoun nan ki pou pozew kesyon ou sipoze aprann li sa.Si w wè ou paka pale de sa,pran liv ki gen imaj pou ede w ak tèm nan,se pa liv ki gen vye imaj non.

 

5. Pran responsabilite nou pou n edike timoun yo depi nan laj sa konsa nap evite anpil bagay mal pase demen paske lap gen konesans sou sa.