Senk konsèy pou renmen ak yon kè pi

Kijan pou renmen ak yon kè pi?
Pran tan pouw konn patnè w,yon relasyon koup pa paralèl paske chak moun gen gou,pwiyorite,santiman ak fason diferan

 

Atann wap jwenn lanmou
Lanmou se bay san espere anyen,li enpòtan pouw santi lòt moun nan renmenw,men pa janm panse nivo lanmou ou gen pou li se li lap gen pou ou tou.Sa pa vle dil pa renmen w,lanmou youn nan nou ka pifò.

 

Renmen patnè w ak tout defo l
Pa bliye chak moun gen defo yo sa pa vle di li se yon move moun,gen bagay se vis yo ye nan yon moun li difisil poul kite l,lè w pral chita panse ak defo pa w yo wap wè li gen anpil pasyans tou poul viv ak ou.

 

 

Pataje travay nan kay la
Lanmou pa montre sèlman nan bagay romantik,nan kay tou fòk gen patisipasyon moun yo,sa enpòtan anpil jan yo toujou dil men anpil chay pa lou,pa gen okenn rezon pou youn ap travay san ran souf epi lòt la ap gade televizyon,renmen se abitid,koutim aprann jere travay yo ansanm konsa lavi ap souri pi byen pou relasyon an.Lè lòt la ap fè tout travay sa pou kont li pral gen diskisyon,lanmou ap diminye.

 

Pak
Chak maryaj se yon mond ki ka jere ak yon pak,anpil kominikasyon pou rive dakò ak kèk bagay,pataje saw panse,tande ak pasyans patnèw,depil genyen se ou ki genyen tou.

 

Rekonesan
Rekonesan paske wap pataje viw ak moun ou te toujou reve ye a,si sa ta rive yon jou ou pa santi lanmou pou li ankò jis dil sa poun chache solisyon oubyen kanpe relasyon an ke pouw al fè bagay mal sou li.