Manje militon pou bote ak lasante

Vejetal sa nouri selil,tisi,ak ògan nan kò a yon fason 100% natirèl,li ede repare nenpòt kalite danje ki nan òganis lan.

 

1.Li gen anpil fib
militon gou anpil epi fib li yo fè vant plen pi rapid,li ede manje yo pase pi fasil nan trip la,li elimine bakteri ak toksin nan òganis lan.

 

2.Estabilize nivo sik nan san
Fib li gen ladan li yo redwi nivo sik nan san,sak fè nou rive manje mwens se youn nan benefis li yo pou pèdi pwa

 

3.Li pwisan nan elimine dechè
se youn nan benefis li yo ankò ki ede pèdi anpil pwa,li gen anpil dlo,potasyòm li preske pa gen sodyòm ki fèl vin yon vejetal ki pwisan anpil nan elimine dechè.

 

Sechium_edule_Stuffed_Chayotes_Rellenos

 

4.Li bon pou kè
Vitamin ak mineral ki gen nan vejetal sa li fonksyone yon bon fason,kise ede moun ki malad nan kè,nan eleman nitritif li yo nou jwenn asid folik,potasyòm,li gen anpil Manyezyòm.Nou ankouraje pouw manje bon vejetal sa li gou epi li se yon remèd.

 

 

Manje militon ap edew konbat kont tout vye malès,lè wal achtel bat pouw pa pran sak gwo yo,paske yo ka twò rèk epi gou a pap menm jan ak piti yo.

 

ou ka manjel militon an janw vle,bouji,nan legim,ak sòs vyann elatriye.