Kèk lòt siy pou w pa rete ak li

Tout kalite bagay pase nan relasyon w lan men ou la toujou wap tann chanjman.Anpil fwa nou dwe aksepte bagay yo jan yo ye a,men pafwa ou wè moun sa pa fèt pou l ak ou pou lavi.Nan nivo sa, ou santi w konfonn san sekirite lè wap panse ak patnè w.Siw nan yon sitiyasyon konsa nap kite kèk siy ki montre w moun sa pa pou ou.

Ou fè twòp sakrifis
Ou toujou ap fè anpil efo pou enpresyone patnè w,ou toujou vle bagay yo miyo poutèt sa ou chanje anpil bagay nan ou ki pata menm dwe chanje,men ou vle viv mye,tout saw fè pa janm anyen pou lot moun sa.

Nou pa panse menm jan sou fiti
Nou pa gen menm lide pou anpil bagay,menm vizyon nou diferan sou anvi nou ,sa vle dinan fiti ou pap ak li,sil pa konsantre l sou prezan se pa sou fiti lap gen plan pou ou.

Kèw pa kontan
Ou pa janm ka jwenn jwa nan relasyon sa a,menm siw te panse tout relasyon sa te ka reyèl,men se pa sa ki pase,chak fwa bagay yo sòti pi mal,pa gen espwa chanjman.

 

Ou pa santi w natirèl
Lè w bò kote l ou gen pèsonalite diferan,pafwa ou pa menm ka ou menm vre bò kote l,sa otomatikman li chanje ritm relasyon an,li difisil pouw natirèl ak moun sa.

Ou lwen l
Gen moman sèl espas ou bezwen,ou pa fè anyen pouw pwòch li,menm nan bon tan,ou santi w pa konpatib,ou santiw lwen,li difisil pouw konekte.

Ou idantifye ak youn nan siy sa yo?prete atansyon ak li pa inyore l