Pi bon fwi pou sante

Pòm
Se yon manje rapid,ki retire anvi manje,ki rich nan vitamin,li enpòtan anpil pou sante ren an epi li kontwole sik nan san an,anplis li gen anpil vitamin C pou pwoteje sistèm iminite a.

Rezen
Li bon anpil pou yon moun manje apre li fin antrene,aplis li rich nan vitamin A,C,B6

Seriz
Manje seriz se amelyore maltèt oubyen enflamasyon nan akitiklasyon yo apre antrenman,li gen fonksyon pou l bloke anzim ki kòz enflamasyon yo.

cherries-1503977_960_720

Grenadya
Se yon fwi ki favorize aktivite seksyèl,anplis anpil etid montre ji se antioksidan,ki amelyore sistèm sikilasyon an,li enpòtan anpil pou fè yon moun gen ereksyon.

Sitwon
Asid sitrik sitwon an ka ede kraze lipid epi aktive ji gastrik la,mete ji yon bout sitwon nan yon vè dlo chak maten ap ede fwa

Papay
Yon anzim nan papay la,elimine gas nan moman dijessyon an,yon lòt menm redwi enflamasyon,yon tas papay fre gen 60 kalori,144% vitamin C.

Nou espere ti konsèy sa yo ede w,pa janm bouke manje bagay ki bon pou vi w

papaya