Manje ki pa bon pou moun ki ansent

Pandan pwosesis sa anpil bagay dwe chanje pou byen nou tou de a men janw pral sispan mete sandal talon ak rad ou pi renmen yo,se konsa manjew chanje paske gen manje ki pa bon pou ti bebe a,nap palew de manje ki pa gen anyen ladan tankou vitamin ak pwoteyin.

Jodia nan Fanm Kreyòl nou pral diw ki manje ou pa dwe manje siw ansent

1.Se pa tout pwason ki bon pou moun ki ansent
Evite manje kalite pwason sa yo;reken,Jòfi pwason sa yo gen bagay ladan yo ki ka kòz pwoblèm nan sèvo ak sistèm nève timoun nan.

2.Pa bwè lèt bèf ak manje kri
Lèw manje oubyen bwè manje yo kri li pa bon pou ti bebe a,yon bakteri ka atakew,moun ki ansent andanje anpil si yo pratike manje ak bwè bagay kri,menm si yo natirèl men yo gen bakteri ladan yo tou.

3.Sosis ak manje nan bwat
Risk pou kontaminasyon bakteri a nan vyann,sosis,janbon kodenn,vyann bèf boukannen.Siw pral manje bagay sa yo asire w bouyi yo anvanw konsome yo,pwason ak vyann ki nan bwat menm si yo byen pwoteje men yo gen anpil kalsyòm se poutèt sa yo pa bon pou moun manje pandan gwosès.

 

4.Vyann,bèt volay,pwason,bèt lanmè ak ze kri oswa ki pa byen kwit
Risk prensipal nan manje manje mal kwit yo se bakteri kote yo ka pwovoke enfeksyon nan ti bebe anvanl fèt,li ka gen gwo pwoblèm lasante.Pouw ka manje bagay sa yo asirew ke yo byen kwit

5.Bwason enèjisan ak twòp kafe
Pandan gwosès la yo rekòmande pou moun bwè 12 ons kafe epi evite nenpòt ji enèjisan paske li asosye ak ogmantasyon tansyon ak arè kadyak

6.Manje fri
Li bon pou yon moun ansent evite manje bagay fri paske yo gen anpil grès,sodyòm,kalori

7.Pa manje twòp sik
Bonbon,gato,sirèt ak krèm gen anpil sik,men gen anpil lòt pwodwi ki gen sik kache.Sik kontribye ak ogmantasyon obezite ak dyabèt,men yo pa gen okenn benefis nitrisyonèl.

food-1823197_960_720

8.Manje ki gen twòp sodyòm
Manje manje ki gen anpil sodyòm pa zanmi yon fiti manmam.Gwosès la fè moun nan pi anfle,kenbe plis likid,twòp sodyòm ap agrave sitiyasyon an.