5 rezon ki fè kèk fi pa vle fè timoun

Chak jou ki pase medam yo vin ap fè mwens timoun.Nan peyi etazini 48% fi ki gen 18 ak 44 lane pa manman.Fi ki pa vle fè pitit
pafwa genyen ki konn gen pwoblèm sante,sosyal ak ekonomik ki fè kèk fi di nou pap fè pitit.

1. Paske yo pa vle abandone bonè yo:vin manman ka redwi yon nivo nan jwa w,estrès,anpil enkyetid pou fiti,obligasyon pou travay plis tan oubyen fè 2 travay,leve timoun nan,sa yo ka kek bagay ki fè yon fi pè fè pitit.

2. Pou montre se pa tout fanm ki gen yon enstèn matènèl:nou toujou tande tout fi fèt pou manman,sil paka fè pitit yo konn gade l mal,presyon sosyete vin fèl pa nomal,li vin ap panse epi chwazi deside sil vle ak sil pa vle,pafwa yon manman fè pitit se pou yo ka wèl gen pitit se pa renmen li renmen vil ki chanje a,anpil nan yo toujou lage timoun nan bay grann pou yo ka lib tankou anvan.

 

3. Paske yo pa vle abandone karyè yo:eske li fasil pou gen yon ekilib fanmi ansanm ak karye?dapre anpil envestigasyon ki fèt yo wè gen anpil fi ki plis fokis sou karye yo gen yo gen yon timoun paske otomatikman timoun nan ap enpoze yo nan kèk aktivite,tidye ak gen yon timoun pa fasil,sil vini ou oblije aksepte l,men se pa yon bagay fasil,anpil nan moun sa yo toujou fè anpil prekosyon oubyen pa menm antre nan relasyon pou evite fè timoun,jis yo konsantre pou etidye.

4. Paske yo pa vle kontribye nan kraze planèt la:nouvo jenerasyon sa enkyete anpil pou planet la,kontaminasyon,rechofman atmosfè,anpil moun.Gen moun pou tèt jan mond lan ap vire a pa vle fè pitit pou yo pa kontriye nan destriksyon planèt la.

5. Paske yo pa vle renonse ak jan yap viv:jenerasyon jodia pa vle rete yon sèl kote,menm nan yon travay yo pap fè anpil tan nan peyi Etazini jen 18 ak 34 lane pap fè 2 lane nan yon travay,se yon jenerasyon ki renmen vyayaje,fè nouvo ekperyans,epi konnen tout mond lan pou yo kle bonè a nan ekperyans yap fè,depans ak tan pou yon timoun pa melanje ak yon vi vwayaj,san yon travay fik,gen anpil bagay kap chanje nan vi moun sa sil vin ansent se poutèt sa li chwazi pa ansent.