Rezon w ta dwe fè sèks souvan

Pou ki rezon ou ta dwe ankouraje fè sèks pi souvan ak patnè w?

Li bon pou sante
Li ogmante batman kè a,boule kalori, ede dòmi pi byen,diminye estrès,ankouraje sistèm iminitè a epi ede w viv pi lontan

Li ini w plis ak patnè w
Se sèl bagay ou ka pataje vre ak patnè w san diskisyon,pa gen yon bagay ki ini yon moun ak lòt ke kontak entim sa a,kote nou pran menm desizyon sou yon bagay ,yo pa pale se kò yo kap tradwi tout bagay.

Li fòse w kominike
pandan wap fè lanmou wap pale san w pa vle,wap felisite moun nan pou bon egzèsis,kominikasyon sa pa gen benefis si w pa sou kabann pa gen dout nan sa.Tout bagay bon pou kòmanse yon kote di l ki pozisyon w renmen,se mari w pa pè pale.

Sa ap ede w grandi
Pou relasyon an entim sa ansante li enpòtan pou w renmen sa wap fè a,siw pa renmen kò w oubyen w timid kontak seksyèl ak patnè w ka ede w simonte kalite difikilte sa yo.

Ogmante fòs ou
Pandan moman sèks la,sèvo a sekrete oksitosin yon òmòn ki nan kò a ki ogmante konfyans nan moun epi redwi pè
Gen anpil lòt rezon toujou,nou kite pou w fin konplete lis la.