Kado gratis ki vo lò pou Nwèl sa a

Jodi a nou vle pale ak ou sou kado ki paka achte yo
Kado atansyon
Pa gen dout nan sa,youn nan pi gwo kado nou ka fè youn lòt se sa,atantif ak sa lòt la ap di,lè w konnen yon moun ba w atansyon,koutew,ou santiw kontan.
Se yon bagay nou ka bay ak lòt yo,sa sa vle di bay atansyon
Koute sa lòt la ap di
Kite telefòn lan sou kote lè yap pale ak ou
Gade moun nan je
Poze kesyon, montre w entèrese
Kite l reponn ou san w pa reponn pou li
Konsantre kounye a epi pa panse sou lòt bagay
Konekte ak moun nan
Kado atansyon,kiyès ki pap renmenl?
Kado aji byen
Li bèl lè nap resevwa bon bagay de lòt moun,lè nap panse ak lòt yo,lè nou bon ak jenere gen yon efè pozitif sou lavi yo
Sa sa vle di aji byen?
Aprann lòt la,li pa bezwen gwo,pataje
Toujou la pou ede
Ofri solisyon ak kèk pwoblèm ou te wè moun nan genyen ,gendwa se yon bagay ou ede moun nan pote,siveye yon timoun pou li,nou pa konnen,men siw bay atansyon wap wè kijan pouw aji byen.

Handmade-Cute-Christmas-Tree-Pendant-Socks-Decoration-Sacks-Candy-Gifts-Holders-Bags-for-Kids-Home-Party

Kado tan
Youn nan lòt kado w ka bay ankò se tan,vi nou fèt de tan,jou tankou vi nou gen yon tan limite,se yon bèl jès resevwa tan ak dedikasyon yon moun.Si nou vle bay yon bon kado,tan se yon bon bagay,nan mond sa tout bagay parèt anpil pou fè,nou pa gentan pou okenn bagay ak moun,nou manke tan pou tout bagay,bay tan se bay yon ti bout nan ou.

Sa tan vle di?
Bay enpòtans ak yon randevou
Tan lib,dedike l ak moun ki enpòtan pou ou
Dekonekte ak sa nap fè oubyen anvi fè pou bay yon lòt moun yon ti kal tan
Kado pou pa jije
Nou toujou ap panse mal sou lòt yo,lè n pa konprann yon babay se jije nou jije paske nou gen nan tèt nou li te fè yon bagay deja,li ka fè sa tou.
Sa sa vle di pa jije
Aksepte tout moun ka fè yon erè
Kite abitid kouri fè konklisyon an
Gen yon ti kal bonte
Bay atansyon
Tande,anvanw bay opinyon w
Kado konpliman
Sonje dènye konpliman yo te fèw,sa fèw byen lè yo fèw sonje yon bon bagay ou te fè,kote yo baw yon akolad,yon souri,yon bèl ti pawòl,yon konpliman se yon bagay pou motive moun nan epi fè l fè plis toujou.
Sa sa vle di konpliman?
Jwa
Rekonèt sak bon
Bay espwa
Motivasyon
Wè pi lwen ke defèt lòt la
Li pa gen pri,men li vò anpil

christmas-1926343_960_720