Konsèy pou debite nan espò

Yon moun dwe veyatif pou efò lap fè nan jim yo pa pou granmesi,pou yo pa gonfle echèk nan ou pi devan pou w pa dekouraje epi bay vag ak aktivite fisik sa.Nou refere nan jan w kòmanse fè egzèsis yo.

Gen yon plan enpòtan
Plan se kèk objetif pou reyalize,li ka pou w pèdi pwa,pou tonifye misk yo,miskle misk yo ak anpil lòt bagay ankò,tout moun pa al nan jim pou menm objetif,ou dwe konnen ki sa pa w la ye epi adapte w ak antrenman pou reyalize rèv ou.Li enpòtan pouw fin fè egzèsis ak mouvman ayewobiks,leve pwa,detire,mande pou akonpanye ak lòt egzèsis tankou:natasyon,dans ak anpil lòt ankò.
Konsilte antrenè ak pwofesè ki disponib nan jim nan

Pa bliye moun sa yo pa la pou ou sèlman,kote sa yap diw yo ak atansyon pouw ka travay pou kont ou,siw gen yon dout wap rele yo,pa dekouraje paske yo pa fè tout tan ap diw sa pou fè,wòl yo se diw sa pouw fè epi kijan pouw fèl pouw pa domaje,pa bliye anvanw kòmanse tout bagay pran pwa w ak otè w,rakonte objetif ou epi mande yon woutin pouw ka kòmanse antrene.

Chèche objektif ki reyel
Yon bon lide se fè yon woutin twa fwa nan semèn nan pandan yon mwa,nan lòt mwa yo wa pran plis jou,sa depan kapasite ak disponibilite w,sonje repo a enpòtan nan pwogram egzèsis ou,men jan ak manje,evite fè egzèsis anpil.
Mete ayewobik nan fen egzèsis la
Ayewobik esansyèl pou pedi pwa,men pi bon moman pou fè l se apre yon sesyon egzèsis ak pwa lou paske glikojèn lan,ki vle di materyèl enèjik ki rezève nan kò a,ki nan fwa ak misk yo,nivèl li desann anpil apre yon egzèsis ak pwa lou.Se konsa,enèji ayewobik la pral bay fèw boule kalori plis ke saw te panse.