Faktè ki favorize anabolis ak katabolis

Anabolis
Alimantasyon:Nou dwe bay kò a enèji ki bon pou li,pou l fonksyone byen,manje bagay ki rich nan bon jan kalite pwoteyin byolojik,25% kalori chak jou ap favorize pwosesis anabolis lan.
Enèji apre egzèsis:Yon fwa nou fin boule depo enèji nan fè espò,nou dwe retounen plen yo nan manje kabòn apre egzèsis

Grès wi,men “bon yo”:objetif la se ogmante misk yo,men se pa ogmante nivo grès la,se poutèt sa nou pa dwe manje nenpòt lwil,manje lwil oliv,lwil pwason elatriye.
Diminye estrès nan misk:manje ki rich nan vitamin C , E ak beta-karotèn ap diminye estrès nan misk ki te pwodwi nan antrennman,li pral ede nan anabolis misk lan.

Idratasyon:70% nan kò nou se dlo,pou l ka fonksyone byen,nou pa dwe dezidrate.Bwè omwen de lit dlo chak jou,epi idrate pandan w ap fè egzèsis.Panse ke chak èdtan nou pase san bwè dlo nou pèdi 10% nan pèfòmans jeneral nou .
Repoze:Lannwit padan wap dòmi kò a rejenere,se poutèt sa li enpòtan pouw dòmi 7,8 èdtan

sleep-825x510-300x185

katabolis
Ekzèsis kadyovaskilè:ekzèsis pèmèt nou gen resistans,menm jan ak likid kòm sous enèji,men anplis de sa li pa favorize kreyasyon nan tisi misk yo,apre 2 èdtan li pwodwi katabolis selilè nan misk yo.
Anpil entansite egzèsis san rezèv glikojèn:nou jwenn glikojèn nan kabòn,si nou pa gen anpil resèv,pou kò a jwenn enèji li pral pran sak nan tisi miskilè yo,li pwodwi katabolis.

Estrès:lè nou anba anpil estrès kò a jenere kòtisol.se yon òmòn ki favorize akimilasyon grès ak katabolis miskilè
Kle a jan nou diw la se ekilibre sa wap manje,fè egzèsis yo byen epi repoze,aprann tande kò w konekte ak li,sa ap fèw santiw byen epi baw yon bon rezilta.

unnamed-4-300x197