Remèd pou fè plim je pouse

Jodia nou vin diw kijan pouw fè plim je w pouse ak sewom mirak sa.Li ka pran w anpil tan si wap fè yon tretman pou plim je,pi souvan sa rive lèw pa konn sa pouw itilize.Sewom sa a fasil ak senp,li gen engredyan natirèl epi li bon anpil.

Wap bezwen
1 kiyè lwil maskreti
1/2 kiyè lwil kokoye
Enstriksyon
Nan yon ti taz,melanje lwil yo
Vide l nan yon ti boutèy pwop

girl-845890_640

Kijan pouw itilize sewom mirak sa?
Chak swa anvanw al domi,pase l nan plim je a tankou maskara,fè sa chak jou,itilize yon koton pou pase nan plim je pa anba yo,siw renmen gwo sousi ou ka pase l ladan tou.

Sak fè sa fonksyone?
Lwil maskreti gen yon asid ki se kle pou sewom kwasans,yo pwove ke lwil sa fe cheve pouse rapid ni lwil kokoye a
Lwil kokoye se yon lwil idratan kote lel melanje ak lwil maskreti li nouri plim je yo,fe yo pouse long ak fo
Aplike sewom sa chak jou anvan w al domi,wap fe diferans lan nan yon semen