Remèd efikaz pou debouche nen

Nou pote anpil solisyon pou ou epi natirèl ki se yon gwo soulajman pou.Fondamantal se rezoud pwoblèm sa depi premye jou a,depi nan moman rim nan komanse ap nwi w.

 

Bikabonak,sèl ak dlo:Se yon remèd natirèl ki telman klasik epi senp,nap gen poun fè yon melanj bikabonak,sèl ak dlo mete l nan yon epi lage kek gout nan nen an.

 

Siwo zonyon: Yon siwo zonyon ak myèl pa sèlman ede soulaje nen an,men li amelyore tous la tou,preparasyon an senp,wap jis koupe yon zonyon mete l nan yon ti bòl kristal apre mete 2 kiyè myèl,melanje yo byen apre kite l repoze pou 10 edtan,ou ka manje l kiyè pa kiyè oubyen bwè dlo li fè a.

 

Pou soulaje rim nan pwatrin:Si jan nen w bouche a ou santi pwatrin ou mande anraje tou ,yon jan natirèl pou soulaje se fè yon te jenjanm.

Bay natirèl yo bon se vre pou soulaje tous ,men pa bliye depi gwip la dire twòp se kouri al lopital