Benefis grenadia

Nan kèk peyi yo rekonèt grenadia tankou fwi pasyon,se yon fwi ki sòti nan peyi Paragwe.Nou pral palew de benefis li yo:

1. Li gen pwopriyete pou kalme epi diminye doulè nan misk ak maltèt.Relache kò a ede konbat estrès ak pwoblèm dòmi
2. Li ede elimine tous ak pwoblèm respiratwa ki kapab koze maladi opresyon.
3. Bay kò a vitamin A ak C ak konplèks B,potasyòm,fosfò ak mayezyòm.
4. Li rich nan glusid epi sik,li ideyal pou fòs ak enèji,li bon pou atlèt oswa moun ki soufri fatig.
5. Kòz li gen anpil fib,li bon pou konstipasyon,li kontwole dijessyon,gras ak bagay sa yo li redwi nivo kolestewòl epi anpeche pwoblèm entesten.

passion-fruit-oil-1111249__340

6. Li pa gen anpil grès ak kalori,sa fèl ka antre nan rejim alimante pou pèdi pwa
7. Antioksidan li yo ranfòse sistèm iminitè,anpeche maladi tankou grip oswa rim sèvo
8. Li kontwole doulè règ oubyen vant malvant
9. Lwil grenadia kontribye nan swen pou po paske li aji kòm anti-enflamatwa,pwoteje,ranfòse,idrate epi klere kò a.Li aji kòm tretman kontribye nan swen pou po paske li aji kòm anti-enflamatwa, pwoteje, ranfòse, idrat ak klere. Li te tou aji kòm tretman kont vyeyès epi ede repare tisi po a.
10. Lwil la bon pou cheve,li fè cheve a briye,evite grès nan kwasans li