Jip long:kijan yo metel

Se yon pyès esansyèl ki pat manke nan pandri,nan lane 70.Li retounen ankò,se yon bon nouvèl paske gen yon bagay ki pral fèw parèt pi bèl toujou epi ki ap ede nou kache janm nou,se pa tout moun ki renmen montre janm yo,se yon rad ki varye stil yon moun anpil.

Si yon rad long se pi bèl bagay yon moun ka mete pou yon randevou romatik,jip long lan tou se yon pi bon teni,imajine yon jip long sou ou ak yon top pa mande si vant ou pla,mete yon jib long ki femen nan nivo tay ou,ki fè fòm ou parèt,metel ak yon kosaj manch kout ki gen dantèl ak yon sandal ki rive nan cheviy

6575049645_e5b098e30d_b

 

Menm si gen moun ki pa vle wè jip long men se meyè bagay ou ka mete yon jip long plise evase,li bèl anpil ou ka fè nenpòt teni avèl sitou nan tan sa se yo ki alamòd,gen plizyè koulè woz,nwa oubyen ble se tiye moun,ou ka metel ak yon chemiz ki gen kou won oubyen yon kòsaj ki bay sou epòl.

 

Jip long pou yon sòti konsa konsa oubyen pou al nan makèt,fè mache,al bwè krèm,al nan salon,menm ak tenis nou ka chwazi mete yo li ka nenpòt twal tankou:abako,stretch,koton,elatriye.Yo mete ak nenpòt ti mayo tou,siw pa tèlman renmen fòm ou nan jip long ou ka mete youn plake ak kòsaj evase sitou pou moun ki gen gwo vant yo.

bfb77745b4fc3898b4dd7b133d963f44

 

Ou pa oblije mete yon jip ki bay anba pye oubyen sou jenou,mete saw santiw alès avèl la,e jis ou deside chanje stil,tout moun ap felisitew pa mande siw pa metel fasil.