Rezo sosyal ka gate relasyon m?

Gen anpil pwoblèm kap pase nan yon relasyon kòz anpil moun kite bay plis enpotans ak sa kap pase sou entènèt ke pou yo konsantre yo plis sou mennaj yo,vin manke konfyans preske chak tan se anpil pale,yon ekip jalouzi,enfidelite sou entènèt,twòp tan pou yon moun tcheke mesaj li,elatriye.

Tout moun konn sa deja rezo sosyal la konekte nou ak anpil moun nan mond lan,moun nou konnen,moun nou te pèdi kontak,moun nou panse nou rekonèt,moun nou panse jwenn,ak zanmi nou,fanmi,ansyen mennaj anpil lòt bagay ankò.Men sak enpòtan se pa chache pwoblèm se poun onèt pa renmen sou entènèt la ankachet.Se yon mwayen pou nou kominike se pa poun fè lòt bagay.

social-media-550778_640-300x172

Nan yon koup se pa tout fwa kominikasyon an bon nan bat zye sèlman moun yo ka pèdi konfyans rezo sosyal la ka vin yon pwazon pou nou sin pa konn limit nou sou li anmentan li ka fèn fou nan poze tèt nou kezyon,poukisa li mèt foto sa?,ak ki fi li fè foto sa?,sal vle di nan kòmante a la?.Ou ka poze kesyon sa yo lèw toujou ap verifye paj mennaj ou pouw gade sa lap fè anpil fwa ou gendwa tronpe nan sa wap di yo men lè pa gen konfyans youn pou lòt wap toujou santiw pa asire.

Pafwa gen moun ki panse lè lap pale ak yon lòt moun sou entènèt la sa pa anyen paske se dèyè yon òdinatè li ye,sa pa vle di li twompe mennaj li,li vin fèl yon obligasyon nan vil poul toujou ap pale ak lòt moun,san mmenaj li pa konnen,li panse tou se pa yon mank respè pou moun li avèl la ebyen nap diw depiw gen yon relasyon ak yon moun wal nan pale ak yon lòt sou kote li te mèt nenpòt kote l ye a,ou te mèt pa wèl ni panse wap janm wèl nan viw se mal wap fè mennaj ou a.

Pa janm bliye konfyans lan ka pèdi pou yon senp bagay ki pa enpòtan apre sa pouw jwenn konfyans moun sa ankò li difisil anpil,pou yon senp zanmi relasyon an ka gate,sa pral depan ki pawòl ou konn pale ak li epi mennaj ou a ta vin rive konnen sa,sa ka menm rive kraze relasyon an,fòn fè byen atansyon ak sa nap fè sou entènèt la pa gen anyen ki pa gen konsekans kit byen oubyen mal.

couple-1343948_960_720

Poutèt sa nou dwe gen yon relasyon kle ak mennaj nou pa kitel gen dout sou nou ni fèl fè jalouzi,fèl santil,an sekirite avèw.