Bolèt diri ak fwomaj etap pa etap

Yo gou anpil tout moun renmen yo,siw pa fin konnen kijan pouw fè l pa enkyete w nou la pou n ede w,se yon resèt ki fasil anpil

Engredyan
300g diri
100g fwomaj
4 mozo poul
40g bè
1 kiyè lwil oliv
Sèl
Pwav
1/2 ti mamit diri

1440240474-P1270030

2 ze
Lwil
1 zonyon
3 grenn lay
Piman pike elatriye

Ou ka mete saw vle ladan l,mete bè a nan yon chodye ak epis,rache zonyon metel ladan,nan yon lòt chodye mete diri a bouyi kitel byen kwit poul yon jan pat,lèl fin kwit mete l nan yon veso, mete fwomaj ladan,rès bè a,sèl,pwav,bwase yo ansanm apre kitel frèt,Fè 16 ti boul diri andan chak mete tikal nan poul ou te prepare a,fèmen l byen poul pa ouvè apre pasel nan ze,farin metel nan frijidè,2 èdtan apre fri l nan lwil byen cho

22176