Wap adikte ak telefòn ou san w pa rann kont

Chak jou ki pase gen yon moun ki adikte ak telefon,ki depann de telefon yo anpil,yo pa janm lage l yon kote.Yo toujou ap gade si gen nouvo enfomasyon,nouvo zen,foto,elatriye ki vin anpeche l jwi aktivite jounen an.Toujou gen yon pati pozitif ki rete deye san aktive gras ak telefon.

 

Adiksyon sa a vin yon abitid ,se yon siy ki montre nou depann de bagay sa,gen anpil moun ki pa itilize l pou byen
Adiksyon sa a ka lakòz pwoblèm grav ak malèz
Sentòm

Moun ki afekte pa menbm gentan poul manje,kenbe yon konvesasyon,travay,reyalize aktivite
Yo paka domi si telefon sa pa ouve
Yo toujou ap cheke mesaj oubyen leve pou we ki apel manke,fe nwit ap pale nan telefon
Siveye estati fanmi,zanmi

 

 

Yo gen anpil pwoblem si yo bliye telefon yo lakay
Yo santi yo fristre, enkyete oubyen malèz si yo dichay
Konsekans ak efè
Gen yon ekip konsekans negatif ki soti nan adiksyon telefon,efè negatif sa yo ka klase nan plizyè karakteristik
Enkyetid
Piske li se yon depandans,le yon moun bliye telefon li lakay,li santil manke yon bagay,li santi l pap kominike menm sil gen moun bo kote l,sa ka bay enkyetid ak malez.
Deteryorasyon nan relasyon pèsonèl
Vin manke kominikasyon,tout moun tet yo ate youn pa bay lot atansyon ke telefon,gen lot menm yo legliz yap chat nan telefon,veifye mesaj se komsi moun nan pat legliz.