Manje sa yo bon pou doulè

Gen yon ekip manje ki ka eden konbat doulè kòz konpozisyon natirèl ki ladan yo a.Nou pral fè yon ti pale avèw sou kalite manje sa yo jodia,konsa wa itilize mwens konprime,bagay natirèl sa yo pa sèlman pral edew pou santew men wap fè plis ekonomi toujou lèw pa achte konprime.

Jenjanm:Li bay manje yon bon gou,rasin li gen engredyan aktif ki goumen kont gòj fè mal,vètij,li kont enflamasyon li bon pou doulè nan jwenti.

 

ginger-57072_960_720

 

Anana:Li gen yon anzim ladan ki fè efè sou doulè nan misk,li amelyore dijesyon epi li ede kont
doulè rimatis.

 

Kanèl:Redwi enflamasyon nan vant,si ou melanjel ak siwo myèl wap jwenn yon remèd trè pwisan kont fredi,fè yon tas lèt ak yon gwo kiyè kannèl li efikas pou règ.

 

unnamed

Nwa:Li se yon fwi ki ansante epi ki ranfòse kè a,li pote pwoteyin ak fib pou kò a.

 

Kawòt:Li pwoteje sistèm iminitè a pandan règ la,amelyore sikilasyon san ak kalme doulè.

 

8bcd625ffdda99ec

Epina:Li kont enflamasyon nan sèvo,li diminye risk alzayme epi kalme doulè nan misk

 

Seriz:Li diminye doulè rimatis,li kontwole batman kè a ak somèy.

 

Zonyon:Diminye kolestewòl,li kenbe Elastisite atè yo,li kont kansè.

 

Ou wè valè benefis ou pat konnen si manje yo genyen,ou ka manje yo chak jou anplis kap fèw gen yon bon nitrisyon,yap edew konbat tout kalite doulè.

Kounyea ou konn sa,ou jis rete pouw manje yo.