Sèks ak estrès:pwoblèm ze ak poul

Estrès ak seksyalite se de mo antagonik,men yo plis gen rapò.Dapre yon sèksolog,pa gen yon moun ki vin konsilte pou pa estrese lè gen pwoblèm seksyèl,kesyon an eske se pwoblèm seksyèl la ki estrès la oubyen pwoblèm seksyèl la se rezilta estrès.

Eske estrès ak seksyalite se tankou ze ak poul?
Yon lavi sèks ranpli,diminye nivo kòtisol kise òmòn estrès.Estrès vle di tansyon,sèks ede nou detann,rilask,li ka vin yon estrès lè n viv li ak presyon poutèt sa pou seksyalite a libere n ak estrès nou dwe viv li ak libète,san presyon ak fòse.

kèk konsèy pou fè sèks pou ede nou diminye estrès:
Yon seyans seksyèl san presyon,se pa yon egzamen pou kè w ap plede sote,siw la paske w vle
Gen pi bon jou pase lòt moun, men nou ka toujou jwi moman
Pran tout tan nou vle pou n jwe,karès ak bò

54194297196ec_5419429719727

An jeneral nou viv nan prese,kont revèy,seksyalite mande tan pou nou ka jwi l
Sèvi ak kapòt pèmèt nou jwi moman plis konplè paske li libere nou de enkyetid ki ka pafwa dekonsantre nou.Anplis se sèl metòd kontraseptif ki ede nou anpeche maladi transmisib seksyèlman.

Nan relasyon seksyèl nou pa pral peye elektrisite,gaz,telefòn,nou pap jwi moman si nap panse ak konbyen kòb nou dwe sou kat kredi,jwi moman 100% apre sa wap gen lespriw pi kle pou rezoud pwoblèm.

Anviwònman enpòtan,fòk kote a konfotab nan tout jan Bouji, mizik trankil,kote n pral fèl la kont estrès tou
Yon masaj ak lwil natirèl,se yon pratik epi yon bon bagay poun rilask apre yon jounen fatik
Pa bliye yon rankont seksyèl pa kòmanse nan kabann,motè seksyalite chofe anvan sa,ak jès karesan,youn atantif ak lòt,montre entère,sak pi enpòtan se montre youn anvi lòt.

couple-1363961_640