Yon koup san timoun: Eske li posib pou yo kontan?

Eske li posib pou yon koup rive viv ak kè kontan san timoun?repons lan kle,men jodi a nou pral diw ou menm ki pa gen pitit kijan w ka rive gen lajwa san yon timoun.
Se pa tout moun ki ka fè oubyen vle gen pitit nan tan sa a,nou pral baw detay yo la

 

Se vre timoun pote jwa,men se pa tout moun ki prepare pou yon timoun konsa li gendwa paka fè tou ,yon koup ki pa gen timoun gen plis tan pou yo distrè yo ansanm ak fè aktivite pwofesyonèl yo.

 

Tout moun ki nan sitiyasyon sa pa bezwen bay tèt yo pwoblem paske gen solisyon pou tout bagay,nan nenpòt sitiyasyon chak moun ta ye aksepte l jan l ye a se pi bon fason pouw avanse lavi se yon wout li ye.

 

Dapre yon etid koup ki san timoun santi yo gen plis vale ak kopnpayon santimantal la ak jwi yon maryaj ak ke kontan san twòp okipasyon ,gen lòt moun ki pa pre pou pran responsablite yon timoun epi pedi libete yo nan leve timoun,depi piti yon ansenye l poun gen yon fanmi lè n gran,men se pa tout moun ki renmen sa piske yo grandi n konsa li vin yon abitid se poutèt sa gen moun ki parèt neglijan ak pitit li se pa jije l,men wè baz pwoblèm nan pito paske li gendwa pat pre pou vi sa.

 

Anpil moun pa bay chen enpòtans,men yon bon opsyon pou yon koup ki pa gen timoun se achte oubyen adopte yon chen,yo tankou timoun se jis yo pa pale,men yap kenbe w anpil,yo pote lajwa,sa pa vle di poun konpare yo ak timoun,bèt rete bèt,men li pote anpil plezi nan kay la.

Nan nenpot sikonstans ou ta ye siw deside pa fè pitit sa pa vle di wap tris gen jan pou w jere sa ,ou dwe aprann fè tèt ou kontan valorize youn lòt.

Ki opinyon nan respè pou tem sa?ou se manman? ou ansent sanw pat vle oubyen ou pa janm konte fè pitit?