7 manje pou boule grès nan vant

Vant lan se zòn ki pi kritik sou ko nou,se la grès akimile san pa menm rann kont,li rann senti a san ekilib.Kijan nou te ka jere sa? ak yon ti efò ou ka jwenn solisyon,men fòk ou toujou bat pou antre bagay sa yo nan sa wap manje chak jou,van pa gen zo se la grès plis akimile nan kò a,siw pa fè yon jan wap ansent sanw pa janm akouche,pi bonè se granm maten.

Eseye bwe 2 lit dlo chak jou
Elimine sèl nan manje w
Pa manje farin paske se youn nan presipal kòz ki kenbe likid
Toujou sonje fè yon rejim se pa pou rete san manje,fòk ou manje sa kap bon pou kò a,li enpòtan pouw manje mwens kantite,men bon kalite.

water-2105213_960_720

Manje kap boule grès nan vant
Pòm
Saw panse siw komanse jounen an ak yon pòm,ak yon bon tas avwan tou,rezon ki fè pom boule gres la paske li rich nan eleman nitritif,vitamin C,beta-karotèn,poul boule grès la fòn ka manje 2,3 pòm nan jounen an,lèw fin manje youn nan maten,li tap bon pou w fè ji ak rès la zon midi,sil melanje ak betwav li tap bon anpil.

Fig mi
Li gen 75,130 kalori,se yon fwi ki gen anpil potasyòm, kalsyòm, mayezyòm ak vitamin.Siw ta anvi pase yon bagay nan bouch ou li tap bon yon fig mi,ou ka fè ji ak li tou.

Banano

Seleri
Li paka pa nan manje nou tou,se yon vejetal ki ka fen pèdi pwa,mete nan sa nap kwit yo,li gen anpil vitamin,kalsyòm,se pa sèlman nan soup,ou ka mete l nan sòs pwa,sòs vyann elatriye.
fwidmè

Yo gendwa yon an chè pou manje chak jou,lèw ka manje l la pa rate mete l nan asyèt ou,li ede n akimile grès nan vant,yo sen epi rich nan Omega 3,yo gen anpil vitamin ak mineral.
Zaboka

Gen mit ki di zaboka gwosi moun se pa vre,li gen asid oleik se yon eleman ki redwi sansasyon manje,anplis li gen anpil fib pou yon vant plat,ou ka rache l nan salad.

avocado-half-cut

Seriz
Ou renmen seriz ebyen kounyea wap gen yon bon rezon pouw manje l plis toujou,li gou epi li gen anpil avantaj pou sistèm dijestif,kè,li bese kolestewòl,seriz kontwole metabolis nou,diminye sansasyon grangou ak pwoteje sante nou.

Tomat
Gen moun ki fanatig tomat,nou ka melanje l nan tout manje nou yo epi manje a vin gen yon sèl gou,ou te konnen tomat redwi akimilasyon likid nan san?wi li se yon bon sibstans pou anpeche grès akimile,pa bliye tomat paka manke nan asyèt ou.

Bright_red_tomato_and_cross_section02