Kòman pouw fè yon timoun manje?

Ou pata panse sa,kote wap bay timoun nan manje a konte anpil paske si timoun nan yon kote li pa santil byen lap afektel poul manje,fòl pa santil cho bal manje yon kote ki bèl epi pwòp.

Depi lè timoun nan gen yon lane se tras paran lap swiv menm siw wèl pa pale,si fanmi an toujou manje ansanm se yon bagay nòmal pou li,lap toujou gen abitid la,men siw pap manje wap bal manje li difisil pou li fòl wèw ap fè yon bagay tou,sa konn rive timoun nan manje plis nan lekòl ke lakay li paske nan moman li wè tout lòt timoun yo ap manje tou.

Pa fòse timoun nan manje,se yon bagay ki senp si timoun nan pa gen dòmi ou paka fòse se menm jan pou manje a tou depi wap bal manje ou wèl pa vle ankò seke vant li plen menm sil pat gentan manje anpil,lè wap fòsel konsa li ka vomi epi nan fiti li ka vin obès.

Pa kite se lèl fatige oubyen gen dòmi pouw bal manje sa ka fèl pa sou manje,konsa tou wap jwenn gen timoun ki manje lè yo fatige anpil.

 

Family Eating Lunch Together

Pa mete anpil manje nan asyèt yo,chak tan l fini lap mandew ankò,lè konsa bat bravo pou yo ka kontan,depiw gen timoun met nan tèt ou,se pyès teyat ou pral jwe chak jou,li pa gen matirite poul konprann menm jan avèw,lèw fatige se lè sa yo plis sou aktivite.

Lè wap bal manje,pa ba lil devan televisyon,pa bal jwèt kenbe sa ka fèl distrè.
Melanje manje li pa renmen yo ak lòt lè konsa li pap janm konnen sil manjel paske timoun nan bezwen tout kalite vitamin tou,ou paka fè timoun nan plezi tout sal pa renmen pouw pa ba lil,fè tèt ou travay ba lil yon lòt jan,sil pa vle manje epina bal manje bwokoli.

toddler-1

Anpil timoun pa renmen manje sa yo pa abitye manje,poutèt sa premye fwa wap bay yon nouvo manje pa fosel,timoun yo renmen manje sa yo konnen se pou tèt sa yo toujou ap mande menm bagay la.
Timoun yo renmen ede menm si yo pa kapab,lè wap fè manje pwofite met nan bouch yo sa pa fè anyen si yo pa manje apre seke vant yo gentan plen.

Eseye ouvè apeti timoun yo ak ti jès sa yo,konsa ou pap pase tout jounen an ap fòse yo manje.