kòman pou reprann ou, lèw kite ak yon moun?

Fòk ou konnen epi apran jwi moman ou pou kòw,lèn kite ak yon moun se yon gwo doulè paske ou pat panse relasyon an tap fini konsa,nap vin gen anpil panse kap monte nan tèt nou tankou,mgenle ap fè vin pou kòm,mpap janm jwen yon moun konsa ankò,mpa janm ka renmen yon lòt fwa,li te tout pou mwen,lavim fini,sam pral di zanmim yo,mpap kap mache nan zòn nan paske yo pral wèm san li,kite ak yon moun pa janm fasil ni pou granmoun nou pa bezwen diw jèn,siw wè sa se konsa pou sa te pase,nan moman eseye kite depresyon sa dèyè fonse pou pi devan,kòmanse sòti pa rèt nan kay pou tristès pa fini avèw,gen anpil fason ou ka jere sitiyasyon sa.
Saw bezwen wap bezwen fè

Pran yon ti tan:Se yon bagay reyèl avèk tan anpil blese ap geri men fòw gen anpil pasyans pouw ka geri,rekonstwi viw,sak pi enpòtan fòw pa twò prese,panse byen sou sak pase a anvanw retounen al sòti ak yon lòt moun
Sa wap chache?:Nan moman ou pral retounen sou tèren an,ou dwe konnen ki relasyon wap chache,lap pi fasil pou evite nenpòt konfisyon.

Zanmi teknoloji:Pwofite rezo sosyal yo,gen paj pou sa mnem,ou ka peye yo yap metew an kontak ak lòt moun ki sèl menm jan ak ou men sa pa vle di sa pral fasil,paske nan tan sa li pi fasil pouw rankontre ak yon pèvès,piyajè,volè ke yon bon moun pa twonpew de pwofil moun nan,men sa pa vle di pouw pa fè zanmi jis fè tout bagay ak anpil atansyon.

Piga twò eksite nan premye visit la:Se yon bagay nòmal premye fwa ou wè moun nan ap gen anpil emosyon men sa pa vle di pouw lage kòw depi premye jou a moun nan gendwa pa enterese ou pa wè sa,plis moun ou gen chans rankontre se konsa wap gen plis chans rankontre moun ou bezwen an.
Pa kanpe nan wout:Lavi a pap fini se jou kap pase,chak jou ou fè nan kaban lakay ou ap panse se pa anyen wap benefisye,sèl avantaj wap jwen se ane yo wap wè kap pase sanw pa fè anyen,sòti,distrèw se mèyè fason pouw retire tèt ou nan sitiyasyon sa.

Bloke oswa elimine Facebook ex mennaj ou:Siw vin wè fotol ak yon lòt fi,se lè sa wap deprime nèt,sak enpòtan se pèdi tout kontak ak moun sa pouw pa konn sa lap regle,ou menm pouw ka swiv chemen w.
Renouvle vi w:Apre etap sa ou bezwen libere lespriw,animew chache yon egzèsis pouw fè,konsa wap vin gen anpil enèji pou simonte tout pwoblèm sa yo,aprann fè pwogram.
Pase tan deyò:lè a fè lespriw frèch,ou vin ankontak ak solyèl la,lanati yap edew santiw byen,depi kounyea siw nan sitiyasyon sa kòmanse sòti al chita sou plas mache ak yon liv pouw ka li.

Evite planifye pouw retounen avèl:Anvan wap chache retounen ak moun sa reflechi byen kòman relasyon an te ye,ke pouw ap panse ak li,bat pouw panse ak tèt ou sèlman siw pa jwen sa pouw fè apran pentire kay ou,aprann lòt bagay ou pat konn fè,se moman pouw aprann asepte yon bagay ki fèt.

Woman photographer with camera, isolated on white

Sispan kritike tèt ou:Aprew fin kite yon mou,ou toujou ap panse sim te fè yon bagay konsa eske sa tap pase sispan bay tèt ou responsab erè a se nan nou tou de a.
Kriye si se saw santi nan moman:Se yon bagay natirèl wap gen emosyon ak santiman kap degaje,wap anvi kriye se yon bagay ou paka evite pouw simonte moman sa wap bezwen degaje anpil bagay.

Yon relasyon bati ak de moun se pa fòt ou sil pat ka mache jiskaske sa pase konsa.
Aprann renmen tèt ou!