Kouman pou ogmante fètilite nan gason?

Fètilite nan gason plizyè bagay ki afekte kantite espem ki pou pwodwi a,nan bagay sa yo nou jwenn manje,pwa,estrès,bwè medikaman pou andirans,elatriye.
Riks enfetilite ka minimize nan gason sil swiv konsèy sa yo,kap ede ogmante fètilite epi pou fi a ka ansent
Manje balanse ak tout kalite,li bon pou fètilite nan gason,fwi ak legim ka diminye risk pou pwoblèm fètilite paske yo se kontribye nan antioksidan,ki amelyore bon jan kalite espèm.
Fè egzèsis ki pa konplike,evite fè sa ki ka afekte fonksyon tèstikil yo,tankou monte bisiklèt, monte cheval, jimnastik, elatriye
Diminye estrès.Soufri estrès pwodwi yon dezekilib nan òmòn yo,dezekilib sa kòz pwoblèm nan kantite a ak bon jan kalite espèm
Pran swen kò a,vin pi gwo ke pwa nòmal la,se yon pwoblèm

7-wayscropped

Evite konsome sibstans:
Alkòl,twòp konsomasyon alkòl ka pwodwi yon move efè sou bon jan kalite espèm ak diminye pwodiksyon l
Tabak,Fimen ka afekte ADN espèm nan ak gwosès nan fiti
Marigwana,afekte bon jan kalite a ak dansite espèm
Evite mete rad sere paske yo ogmante tanperati testikil yo,evite mete aparèy elektrik sou pye nou,ejalike souvan pou pa gen efè negatif nan espèm yo.
Ki manje ki ka amelyore fètilite
Kalsyòm
Zenk
Asid folik
Omega 3
Vitamin A
Vitamin E
Vitamin D
Vitamin C
Sentòm Enfètilite
Diminye enterè pou fè sèks
Doulè nan zòn tèstikil yo
Difikilte pou kanpe oubyen kenbe ereksyon pou lontan