Lwil zaboka benefik pou po ak cheve,kijan nou ka itilize l

Kisa ki lwil zaboka?
Se yon lwil ki fèt ak grenn oubyen nannan zaboka,yo itilize anpil pou tout bon bagay li pote pou kò a,nan kay li pi fasil poun fèl ak nannan an.
Benefis zaboka pou lasante
Lèn konsome lwil zaboka sitou bwè,li rich nan asid gra,li bon pou kolestewòl wo,li gen omega 3,li se yon lwil vejetal,antioksidan,li ede pwoteje kè a,li ede yon moun pa vyeji vit,li desann tansyon,li rekòmande pou moun ki gen tansyon wo.
Benefis lwil zaboka pou po
Lèn rankotre ak lwil zaboka nou fè fas ak yon lwil vejetal ki pa sèlman gen benefik pou po men pou cheve tou,li absòbe byen vit.Pwopriyete li gen pou po a se yon opsyon natiryèl pou po sèk ak men kap dekale,kalite li genyen se idrate kote sa yo epi pwoteje po a gras ak nivo asid gra esansyèl li genyen.
5alimentos_quema_grasa_definitivos5
Benefis lwil zaboka pou cheve
Benefis lwil zaboka pa sèlman bon pou andan kò a,men tou pou cheve,itilize l tankou mask sou cheve a ede cheve a
pa kase,ran cheve a briye epi bal fòs.
Kijan pou n itilize lwil zaboka?
Kijan pou n itilize l nan manje?li tap bon pou n bwè yon 2,3 kiyè lwil zaboka chak jou,epi metel sou salad
Kijan poun itilizel sou po ak cheve?li senp anpil jis n ap bezwen pou n aplikel sou cheve ak po sou fòm mask,siw mete nan cheve a kite fè 10,15 minit apre renze l ak dlo tyèd.
Jan nou wè l la lwil zaboka se yon lwil vejetal ki gen anpil pwopriyete pou sante nou.Eske gen yon eskis pouw pa itilize l?.
alternative-906138_960_720