Maryaj se travay Bondye

Jodia nou vin fè yon ti pale avèw sou maryaj

 

Ki orijin Maryaj?

Se Bondye ki etabli maryaj,Bib la di apre Bondye te fin kreye Adan li di,li pa bon pou lòm nan rete pou kòl an fè yon konpayon pou li epi li di poutèt sa lap kite manmanl ak papal poul ini ak madanm li.Se la Maryaj la kòmanse.Bondye beni yo,grandi,miltipliye epi ranpli tè a.

 

Ki papye legal ki kont libète Maryaj?

Tout fi ak gason lib pou marye,paske Bondye pa fòse okenn moun marye san yo pa dakò,yon fwa moun yo dakò yap gen pou obeyi ak lwa diven an.

 

 

Poukisa gen moun ki di se lòm ki envante Maryaj?

Paske nan tan sa yo fè maryaj la jan yo vle,yo preske pa invite Bondye ladan,moun yo plis fè maryaj sivil ke legliz menm si Bondye rekonèt leta men lontan ou te konn plis wè se legliz moun yo marye,genyen ladan yo se pou depanse mwens lajan,yon moun ki pa konn Bondye oubyen pa kwè li pap gen anvi rantre nan yon legliz menm paske gen moun se lè yo pral marye oubyen mouri yo antre legliz.

 

Kijan erè nan sosyete a afekte maryaj?

Seke moun yo elwanye Bondye,lè sa pase li difisil pou yo rekonèt diyite Maryaj la,pratikman yo tonbe nan enfidelite ak divòs,renmen lib epi lanmou maryaj la vin fane.