Kòman pouw ankouraje yon timoun pale?

Gen yon bagay anpil moun manke konpran pou timoun nan pale rapid,fòw edel tou,toujou sonje chak timoun se yon mond tout bagay se yon pwosesis epi chak gen yon fason diferan pou yo aprann ak devlope konesans yo.
Chak tan yo jwen pou yo divèti yo,se konsa yap apran pi rapid,nan premye 5 lane yon timoun,yo aktive anpil pa mande si yo jwen ankourajman.

 

Nan ki sans ou ka ankouraje pitit ou?

 

Toujou pale avèl pi souvan menm sil poko ka konprann,fèl wèw entèrese avèl
Konsantrew nan sa lap diw yo,bat pouw konpran menm sil pa byen pwononse tandel ak anpil atansyon poul ka kontinye pale.

Lèl di yon bagay,repete sal di a ankò dil wi se yon ti chat jis pouw ankourajel
Toujou touche sa wap dil yo,sa pral depan de kisa wap pale,dil sa wap fè yon egzanp “nap retire tenis,lèw fin retire tenis,dil nap retire chosèt

 

 

Bal anpil chans poul pale pandan tout jounen an,siw pozel yon kezyon bal yon titan poul repon
Toujou fè nouvo aktivite avèl,menmen al flannen,dil non sa wap wè nan wout la
Siw wèl vle diw yon bagay depiw konprann,menm sil pa soti byen repetel pou li

 

Lè wap pale ak li evite kote ki gen bri,oubyen desan volim televisyon ak radyo a,sa ap edel bay plis atansyon nan sa kap fèt la.

 

Bay tout kantite tan ou kapab pou ede timoun nan,avèk anpil lanmou pasyans paske tout bagay se yon pwosesis li pap pale jodi demen,felisitel chak tan li di yon bagay kit li byen dil oubyen li mal dil sa ap ankourajel di plis toujou.
Nou konnen pifò fwa yo,nou pa gen anpil tan pou timoun yo men pa bliye tout saw vle fè,wap fèl san konplikasyon se poutèt sa ou dwe fè yon titan pou pitit ou,kòmanse redwi nan pwogram ou yo,pase mwens tan sou”Facebook”bay plis atansyon nan bagay lakay ou pouw ka ede moun ou pi renmen an avanse nan minimòm efò lap fè a,pou kèw ka kontan tou

 

¡Nou konnenw ka fè sa!
Rakonten saw fè pouw ede pitit ou pale.