Kòman pouw chwazi yon sentiwon ki pou ale ak rad ou?

Gen plizyè stil ladan yo ak diferan koulè,gwose ak materyèl
Kilèw parèt byen kanpe ak yon sentiwon?

 

Sentiwon anba kè
Siw gen ti pwatrin,sentiwon anba kè ak anlè senti se yon bon oposyon pou ou,siw mete yo ak rad ki evaze menm se tiye moun.

Sentiwon sou ren
Fòw fè anpil antansyon lè wap mete sentiwon nan sentiw paske sil twò sere li pral koupe vant ou an 2,sentiwon sa yo plis bon pou fi wo ak mens.

 

Sentiron sou anch
Pou fi ki gen tay ba ansanm ak gwo tete,li tap pi bon siw metel ak rad lach,si wap metel ak pantalon toujou sonje kòsaj la dwe ale deyò,paske siw mete l pa andan lap fèw parèt pi gwo toujou.

 

Siw se yon fi ki gen zepòl laj,ranch etwat eseye mete sentiwon sou anch ou yap fè zòn sa parèt anpil,pouw ka wèw yon lòt jan,chwazi sentiwon fen pou anch ou ka parèt laj.

 

Ou konnen tout sa nou diw yo la se nan byenw nou ye,nou ta toujou renmen wèw byen bèl epa sèl nan figi depiw se fi tout bagay konte sitou sa nap mete yo.