Kijan pouw reprann fòs nan yon moman dèy?

Viv yon lapenn se yon pwosesis pouw bay pemisyon pouw ekperimante,nap diw kòman pouw viv li epi mache pouw sòti ladan.

 

Asiste nan seremoni an:Fineray ak lòt tradisyon yo ap edew travèse premye wout la,onore memwa moun ki mouri an
presans moun li te rekonèt yo se yon rekonfò pou ou.

 

 

Eskprime,pataje emosyon w:Bay tèt ou yon chans pouw kriye tout tanw kapab,men fò pa kitew deprime twòp tande mizik,chache yon aktivite pouw fè paske se yon bagay nòmal pouw toujou ap sonje moun saw pèdi a,viv moman janw santiw kapab la,men fòw chache lòt bagay ki pou edew santiw mye,plis sonje bon moman ou te pase avèl yo pouw ka toujou ap souri.Ou gendwa pa kwè lè tan ap pase konsa wap vin gen mwens doulè.

 

cemetery-1635876_960_720

 

 

Pale de li lèw kapab:Sa depan pèsonalite chak moun,siw santiw byen lè wap pale de li,toujou pale de li chak tanw kapab,si sa pa fèw byen tou se pa yon obligasyon pouw ap fèl.Siw pa vle pale chache yon lòt jan pouw ekprime emosyon ak pansew,kòmanse ekri saw sonje de moun nan,epi kòmanw santiw depi lèl pala,sak enpòtan se pouw pa nye saw santi yo.

 

Konsève memwa ou:Fè yon omaj pouw ka sonje moun ki mouri an,sere foto li yo pouw ka gade lèw santiw kapab,ou gendwa fè yon jaden oubyen yon bisnis sou nonl.

 

 

Ini nan yon gwoup ki ka edew:Siw santi lap bon pouw chache yon gwoup fanmi,zanmi,Pastè,Pè ki pouw baw kèk konsèy pouw ka gen plis fòs pouw sòti nan moman doulè,enkyetid,tristès,solitid.Chache èd sa pap fèw bliye moun nan se jis pouw ka fè mye ou menm li ale se jou li ki rive ou dwe gen fòs pouw ka kontinye viv pou li,fè sal te toujou renmen pouw fè,reyalize rèv ou,goumen anpil fè kòmsil te la.

 

Ou gendwa pouw viv lapenn ou,men pa kitel dominew pou tout rès viw,panse moun sa ou pèdi a tap fè tout bagay poul te toujou wè wap souri.Fè efò pouw viv jou yo mye ke anvan.