Netwaye tiwoyid ou,ka edew pèdi pwa

òmòn tiwoyid yo kontwole anpil aktivite nan kò a menm vitès ki boulè kalori,tout aktivite sa yo fè pati metabolis kò a.
Gwo metal yo pral akimile nan kò a pou anpil rezon,depi nan manje jiska faktè anviwònman.Bagay sa yo afekte tiwoyid nou,si tiwoyid la pa fonksyone byen lap difisil pou yon pèdi pwa.

 

Nou ka ede metabolis ou netwaye ak kèk bagay ki fasil pou jwenn ki ka pote yon gwo diferans demen
Nou konnen deja jan de èd sa yo se plis fwi ak legim
sa nap bezwen fè?

 

Bwè pou pipiti 2 lit dlo chak jou,epa tout moun ki renmen bwè dlo men nap diw fòw fe efò a paske dlo se lavi

 

drinking-water-filter-singapore-1235578_960_720

 

Bwè yon vè dlo cho ak sitwon chak maten anvan w manje,siw komanse li pa fèw byen kanpe sou li paske sitwon gen anpil asid epa tout moun ki ka pranl.

 

agua-limon

 

Konsome chak jou ji fwi ak legim frèch,li tap pi bon san sik,fè ji ve chak maten lap netwaye òganis lan byen,li ka yon melanj,seleri,sitwon,pòm vèt ak konkonb elatriye.

 

Evite manje bagay konsantre nan mamit oubyen bwat,chache manje fwi ki pa gen pwodwi chimik
Konsèy jodi a pa anpil men yo ka fè gwo diferan nan vi nou,si nou aplike yo chak jou,yap netwaye òganis nou epi ede glann tiwoyid la poul ka reyalise fonksyonl konsa na evite twò gwo ak anpil maladi.
Nou espere konsèy sa yo itil nou,pa bliye di nou sa ou pratike nan konsèy sa yo epi sil te itil ou.