Se yon opòtinite pouw pataje bonbon ak fanmiw

Pouw ka konpran sa ,pi bèl bagay ou te ka fè se pase tan ansanm nan kizin padan nap prepare bon jan ti resèt ak timoun yo.
montre yo ou renmen yo ,ou konprann yo,montre yo travay an ekip fè yo anprann bay valè sa ap ede yo vin kon kwit manje.
se poutèt sa nou toujou renmen pataje avèw bon ti resèt fasil ki pa chè epi gou pouw ka prepare ak timoun ou yo,nevew nou ka di ak tout timoun ki nan kay la sitou sak pipiti yo.

Jodia nou vin diw kòman pouw fè bonbon:
un
 300 g nan farin.

 1/2 ti kiyè bikabonat

 150 g bè.

 250 g sik.

 2 ze.

 sirèt 200g.
preparasyon:
Prepare farin lan:mete nan yon bòl farin frans ak bikamonat la, nan yon lòt bòl mete sik ak bè fonn.Apre mete ze sik bwazel byen,mete farin lan pa tikal epi bat pat la.
mete ti sirèt yo nan pat la bwazel ,pran yon ti kal pat platil jiskaske li baw fòm bonbon
metel anba fou a 170 degre pou 10 a 15 minit apre retirel kitel frèt.
se konsa senp epi fasil ou gen yon bonbon byen gou pouw distrè ak fanmiw.