Poukisa relasyon kounyea yo pa estab?

Sak pase nan relasyon kounyea yo?sak chanje konsa ki fè lanmou pou anpil moun se banm ma baw?se tap yon degou si lanmou etènèl la pa egziste vre.

Nan atik sa ,nou pral reponn ak kesyon sa yo, lè nap gade kantite moun kap difose sa tris paske gen plis fo lanmou nan tan sa ke bon lanmou.

Preparasyon pou yon relasyon:Nan tan sa pa gen akourajman pou anpil bagay menm lanmou landan tou li pi fasil pou yon relasyon kraze ke moun yo chache konstwil pa gen moun ki vle fè sakrifis,apran viv ak moun nan ak mès li paske nou chak gen yon defo jis pa gen volonte.

 

Konfizyon de kisa ki lanmou an:Anpil fwa nou tèlman raz ak solitid nou oblije chache yon moun pou fèn santin byen men se pa renmen nou renmenl sa pa yon lanmou se jis yon satisfaksyon.

 

 

Bagay materyèl:Nou tèlman prese nan jwenn rezilta rapid nou bliye tout bagay ki bon mande sakrifis.Tan fèn konpran ke lanmou mache ak anpil vitès se menm tan sa lè nap avanse nan laj ki pral fèn wè ke lavi a pat jan konsa vre.Nou bezwen kapasite poun tann, kreye,kiltive menm si anpil moun pa bay sa valè.

 

Enpasyan:Kounyea nou plis kwè nan pase plizyè moun,ke rete ak yon moun sèl moun poun swiv li,sa rann nou kras emosyonelman,nou vle tout bagay men nou pa fè efò poun jwenn yon bon bagay,lè konsa nou pase sou sak tap pi bon pou nou an.

teknolojik:Kominikasyon fisik la ranplase pa apèl videyo,mesaj tèks,chat.Tan ansanm nan vin pa tèlman enpòtan pou anpil moun pa vreman gen konviksyon poun ak yon sèl moun li pi fasil poun santin raz ak yon sèl mennaj.

Libète seksyèl:Nou asepte viv nan libète seksyèl kote nap fè sèks ak moun nan se pa pasken renmenl se jis nou vle pase yon tan avèl jann konn abitye dil la (Sex Friend),bay zanmi dwa sou nou sak mal la seke nou pranl pou yon mòd.

 

Lanmou ak prèv lojik:Tout bagay gen siyifikasyon ak eksplikasyon yo,relasyon,lanmou enkondisyonèl sa soti nan kè,li toujou pre pou resoud nenpòt pwoblèm.Nou toujou pè nouvo relasyon,desepsyon,pou yo pa brize kèn nou vin soti pa rantre nan relasyon ak okenn moun kòz lòt moun ki pa bay lanmou valè,sa vin rive ke nou pa bay moun yo regle anyen pou nou.

Nan tan kounyea sa ka rive nou pa bay tèt nou valè epi nou bezwen yon lòt moun vin fè nou santi nou byen,fè efò poun renmen tèt nou anvan apre sa nap wè lanmou etènèl la te toujou egziste.
Pa bliye kòmantè.