Manman ak Papa kap travay,koman pou yo òganize tan yo?

Pou yon bon òganizasyon nan travay nan kay,paran yo ap gen bezwen anpil angajman ak anpil kominikasyon pou yo ka travay an ekip jiskaske vin gen yon abitid nan sa epi relasyon an ap vin miyò.
Men kèk konsèy ki ka ede nou òganize tan nou:

 

Kominikasyon.Li enpòtan anpil pou relasyon an gen yon bon kominikasyon san sa pap janm gen anyen ki ka fèt vre.Nou pa dwe pè pataje panse,opinyon ak santiman nou gen moun ki prefere al di sa kap pase lakay li ak zanmil kel rele madam li oubyen maril pou yo chache regle pwoblèm lan.Lè w ap pran yon desizyon pa janm pranl pou kòw,se tou de moun yo ki pou dakò.

 

 

Planifikasyon.Respekte antant ak limit yo,pa rete sann pa pale,si gen yon bagay ou te gen pouw fè ki vin parèt difisil di sa pa diw pap fèl,tout bagay bezwen yon ekplikasyon pran yon solisyon kap bon pou fanmi an.

 

 

couple-talking_400x295_94

 

 

Distribye travay yo.Epa tout fwa yon moun ap ka fè 50% nan travay li a.Men,sak enpòtan se pou tout moun respekte orè yo,si sa vin konplike ou ka mande èd,tout sa se pou evite estrès oswa pwoblèm,mete nan tèt nou ke li pa fasil bagay sa yo sitou pou gason yo leve yo san aprann fè travay men avèk tan ak anpil pasyans tout bagay ap chanje.

 

Discovering-Marriage-Patterns

 

 

Nan pwosesis sa yo ka gen erè.Tout bagay gen solisyon depi gen dispozizyon
Sak pi komen yo se:

 

Pa gen konfyans nan kapasite moun nan a 100% pa bliye se lòm nenpòt bagay ka pase epa tout fwa yon moun ap rive fè yon bagay byen
Lèw pa rekonèt ki kalite travay moun nan ap fè
San rekonesans,gen moun ki pa renmen di mesi ou dwe bay gras nan tout bagay
fè yon moun fè travay li paka fè,fi ak gason pa fè menm travay
konparasyon travay youn lòt,nou pa gen dwa konpare sa yon lòt fè chak moun travay nan fason yo se yon bagay ki natirèl.