Konsèy pou k ap viv yon Nwèl annamoni ak fanmi w

Tripotay,jouman,oswa malantandi pa dwe yon sijè poun pale nan moman nwèl sa.Bliye sak pase,padone,sa paka fèw fèb,poutan li fè w yon moun mati ak abondans pou tout moun.
Aksepte kritik ki bon ak sak mal yo,pa panse pouw gen drapo rezon an,fòk ou ka aksepte lide ki pa menm ak pa w yo,evite di se ou menm ki toujou gen rezon,ouvri yon espas pouw pataje,kominike epi relasyon ak lòt yo.
Souri,plis ak bèlmè,bèl sè w,mit ki genyen sou yo a se sa,tout pa move moun vre,menm si gen kek ki paret sa.fè atansyon ak sa wap panse yo,sonje tale konsa pitit ou gen pou gran,ou pral okipe youn nan plas sa yo.Li tap pi bon siw pasyan,jantil,souri ak moun sa yo,nou ka vin gwo zanmi.
turkey-629175
Lèw pral achte kado pa konpare sa wap touche ak pa lòt moun ou pral bay kado a,kado se plis yon tan,panse positif,bon volonte ke yon bagay chè,chache bagay ki senp,pran yon titan pou ekri yon bèl panse,sa ap fè nwèl diferan.
Pa diskite sou politik ak relijyon,pa pale sou sa ki ka fè yon moun fache,chak moun gen dwa pou chwazi sa yo vle,gen yon bagay ki rele respè,se pa sèlman pa joure,se respekte tout chwa yon moun tou.
Pale sou lòt bagay tankou nouvo pwojè,pataje rèv, pou tout moun ka santi yo alèz.Desanm dwe yon bon moman pou fanmi vo ap tann ak kè kontan chak ane.Yon senaryo kote gwo ak piti,paran ak timoun, frè, tonton,Kouzen, sispann nan bagay kap pèmèt yo dezini,se plis fè eksperyans lapè ak amoni.