Presyon sosyete sou gwose w

Li difisil pou rankontre yon fi ki pa gen anvi pou yon bagay li te mèt pou yon minit,tout fi vle miyò ke jan yo ye a,men pa bliye sa nap fè chak jou pa ban tan poun regilye paske pa gen yon resèt ekprès pou fèn mens jodi demen.
Nou fè pati yon mond kote yo fè bèl tounen obsesyon,lèw mens se sinomin bote,tout moun vle mens san fè rejim ni egzèsis,anpil fi gen pwoblèm se lè yo kanpe devan klas paske imaj ki nan tèt yo a se pa sa yo wè nan klas la.

Medam yo ap viv nan konpetans sak pi bèl,pi mens,sak gen gwo pye ak ti pye,kiyès ki gen pi bèl rad ak pafen,pi bèl cheve,pi bèl fòm,sa makiyaj pa fè byen,tout bagay sa yo vin rann nap viv sipèfisyèl,moun ki bèl la se sa sosyete a chwazi.

Tout bagay sa ka pwodwi gwo pwoblèm sikolojik nan jèn moun yo,nou toujou pale anvann panse sann pa rann kont ki obstak sa gen sou moun nap di pawòl la.Ou menm tankou manman pote anpil atansyon siw gen yon jèn fi lakay ou,pou presyon sosyete a pa fini ak li,epi evite dil nenpòt pawòl tou,pafwa paran yo panse yo ka adrese timoun yo jan yo vle.
Yon bagay senp ka pwodwi gwo konsekans,lè yon moun di yon lòt mèg sa ka gen gwo enfliyans menm janw dil twò gwo tou,ou voye moun nan al panse.
Lavi a se aksepte w janw ye a pa kraze tèt nan fè moun plezi,aji janm w santi w byen.