kijan pouw fè yon ti bebe dòmi pi byen?

Lè timoun nan paka dòmi lannwit sa pa vle di nou paka jwenn yon solisyon pou sa,konsa paran yo va fè yon ti dòmi nan nwit tou,sitou lè timoun nan fenk fèt se yon pwoblèm.
Nou bezwen konn reyalite a
Anvan n chache solisyon an se poun jwenn kote pwoblèm nan ye anvan,li rekòmande poun toujou ap swiv aktivite timoun nan yon,konbyen tan li dòmi lajounen tankou aswè?,kobyen tan li dòmi?konsa wap kap wè kijan pou w resoud pwoblèm nan.
Fòw gade sa byen konbyen tan li fè ap dòmi,pouw ka leve l,pa kitel dòmi twòp lajounen paske ou deja konnen aswè li pap kitew dòmi.

Lè timoun nan fèt nan de premye mwa yo,li dwe dòmi 12 ak 16 èdtan men plis lajounen
Ant 6 ak 9 mwa li dòmi 11 ak 14 èdtan,li ka dòmi nenpòt 3 fwa nan jounen an
Ant 9 ak 18 mwa li dòmi 10 ak 13 èdtan li vin dòmi mwens toujou
Nan premye ak twazyèm lane yo li dòmi 9,5,12 èdtan lajounen

Toujou swiv siy timoun nan ap bay
Nou dwe konnen li pap janm dòmi chak jou nan menm lè a,sa pral depan ki kantite tan li dòmi,sa ka rive li dòmi mwens nan nwit lan,konsa tou li ka dòmi plis.Lè timoun nan gen dòmi sa ka rive li bay siy nan tan sa fòw pwofite pouw fèl dòmi,timoun yo pran 15 ak 20 minit pou yo dòmi si tan sa pase timoun nan poko dòmi toujou konnen l pa gen dòmi ankò,yo gen lè pou yo leve nan maten,si sa ta rive lè a pase li pa leve,fòw leve l paske aswè li pap dòmi pa janm kite yon timoun dòmi depi aswè jiska midi.
nursery-1078923_960_720

Kote timoun nan ap dòmi an dwe Trankil
Anvan timoun nan dòmi,chanm li dwe trankil san bri,ni sant manje,sa ka rive lè paran sòt travay li gen anpil bagay poul fè nan kay la,se lè sa timoun nan gen dòmi,li yon jan konplike pou moun nan gentan al ranje chanm timoun nan men ak tout sa gen yon efò ki pou fèt si non timoun nan pap janm rive pou anpil tan sil pa santil byen tou kotel kouche a.
Estrès ak enkyetid
Sa pa vle di pou timoun nan pa jwe,kouri,nou menm tou fòn pa kite pwoblèm nou anvayi timoun nan poun ap kouri,fè bri nan tèt li.