Lè gen yon ti bebe nan kay la ak yon chen,eske yo konpatib?

Chen gen yon sans espesyal pou fi ki ansent,yo konn jan moun nan santi l,epi kijan pou l fè l santi l byen,sa pa vle di chen an pral egzije moun nan jwe avè l,men li konnen moun nan pa 100% byen epi lap konpran,ou pa wè se yon bèt sansib?.
Si wap viv ak yon chen lap konnen siw ansent anvan w konn sa
Menm si sa se yon bagay syantifik yo poko pwouve,men gen anpil fi kap viv ak chen,yo di yo fè ekperyans lan
Yo konnen jou akouchman an
Anvan dènye kontraksyon an,ou ka wè chen an pran valis,sandal pote pouw al lopital,li ka wè timoun nan ki pral fèt,wap wèl bò kote w li pap janm separe avè w epi li posib poul fè yon jape.
Ou pap janm pou kont ou
Menm siw gen mari oubyen san mari,chen an ap toujou la pou ou,pa mande si mari w al travay tout jounen lap toujou bò kote w nan kay la.Se pi bon zanmi ak konpayon,si w gen yon chen oubyen ou vle gen youn pa neglije,li pap janm separe avè w ni kite w pou kòw.Wap gen anpil gratitid pou chen sa paske wap toujou akonpanye nan nouvo.
Lap prepare w pouw ka manman
Gen yon chen anvan w ansent se yon bon bagay,lap preparew pouw ka vin manman,nou poko janm wè lè yon fi ap pale ak yon chen kòmsi se pitit li,sak pase seke chen an bezwen atansyon,yo depan anpil de nou epi sa prepare n pou lè nou pral gen yon timoun.
woman-888396_960_720
Lap konprann lè w pa sou san w
Li pa bezwen konnen si wap ri,kriye,fè bri lap konprann ou,lap edew gen konfyans nan tèt ou,lap difisil pouw soufri depresyon siw gen yon chen nan kay la avè w.Yon fi ansent gen anpil chanjman nan li ke okenn moun pap ka konprann,poutèt sa li bezwen santi yon moun renmen nenpòt lè li ta chanje a li te mèt yon bèt sa ap amelyore l anpil nan sistèm emosyonèl li.
Diminye estrès
Lè yon moun ansent pou premye fwa,sa ka rive li gen anpil dout nan tèt li,gen yon chen nan kay se yon bagay kap ede moun nan santi byen epi toujou ak yon souri.
Se lè timoun nan fèt menm
Lè timoun nan rive nan kay la,chen an se li ki pral byen siveye l menm pase w,wap toujou wèl bò kote timoun nan,li pap kite okenn moun pwoche l pou fèl mal pa mande sil pa rekonèt moun nan,chen se pi bon zanmi lòm.
26