Enpòtans tan

Nan tan sa nou wè gen yon ekip bagay ki alamòd,men gen bagay ki pap janm chanje ou pa menm bezwen eseye pou chanje yo.Lèw marye ak yon moun se yon gwo reponsablite pou li ak ou sa pa vle diw marye se sèl nèg la kap travay poul okipew ak timoun yo.

 

Tan se yon bagay presye pa pase jounen nan kay la,siw poko jwenn travay chache yon bagay pouw fè,li te mèt pen ak manba wap vann pa gen sou metye,enpòtans lan se pa rèt chita,lè konsa wap ankouraje mari a plis.

 

Li sa byen,lèw fin voye timoun yo lekòl,siw pa gen dòmi kòmanse ap chache sa pouw fè,pa kite anyen pou sevant regle pou ou gen bagay ou ka fè pou kòw,chak moun gen wòl yo nan kay la,pa al chita nan telefòn pale ak zanmi tout se tan kap pase,jis konsantrew pou jounen an pa pase pou granmesi,aprann koud,eseye fè yon manje ou pa konn fè pouw ka bay mariw sipriz.

 

Pa fè tout jounen ap dòmi,pa gen anyen ki difisil siw pa janm eseye pa gade sou laj ou pouw pa al aprann,konnesans pa gen laj mèt sa nan tèt ou,fòme tèt ou pou kòw si paranw pat gentan fè tout bagay pou ou,achte ak manje mwens pouw ka peye yon kou pou tèt ou siw pat gentan etidye nan jenès ou.

 

Pa janm kite yon bagay ou gen pouw fè jodia pou demen,mariw ap plis fyè de ou,toujou panse pa gen moun kap vin sovew ni retirew nan pwoblèm ou ye a,apran ekonomize tan w,fè tout afèw a lè pa kite yon minit pase paske lap baw reta,toujou mete mont ak telefòn ou pre pouw ka gade lè a.

 

Imajigew gen pouw fè manje anvan timoun mari vini,epi ou pase tout tan w sou entènèt la,se pòt la ou tande ki frape moun yo gentan nan kay la,saw pral di pwa te di anpil,sevant lan te al nan mache li pa janm retounen tout sa se pèdi tan,siw te mete telefòn nan sou kote epi ou fè manje,ou prepare tout bagay apre ou tap jwenn yon titan kanmenm pouw al sou entènèt paske w fin prepare tout bagay ou benyen epi wap rèt tann fanmi an.
Entènèt la se yon bon bagay men pa pase twòp tan sou li,ou pap gen okenn pwofi se gade wap gade ou wè vwazin anfas la ap bouje kounyea ou pral di yap fèw mal san ke ou pa wè janw jere viw,janw mache a se konsa viw ap mache tou,saw fè se li ou rekolte.