Benefis sik

Se yon engredyan ki nan preske tout manje kit li sou fòm natirèl oubyen atifisyèl
Pifò pwodwi endistriyèl yo fèt ak sik,nou dwe gade sa byen poun pa konsime twòp sik,fòn bat poun pa manje plis ke 50 gram sik chak jou.

Egzanp:

1 yogout gen 30 g sik
3 bonbon gen 10 g sik
1 vè kola gen 25 g sik ladan
50 g chokola 35 g sik

Li enpòtan pou nou kontwole sa nap manje yo,pa manje pou rnemen ni pou gou,manje pou lasante

 

Fason sik la edew nan pèfòmans ou

1.Li nouri sèvo a:glikoz ede nan konsantrasyon epi bay sèvo a enèji

2.Relaksan natirèl:li gen efè trankilisan pou kalme ansyete epi pwovoke dòmi

3.Li enpòtan anpil pou fwa:retabli glikojèn yo nan misk ak nan fwa

4.Li ede pwoteyin yo:benefis asimilasyon pwoteyin nan òganis nou

5.Li ban nou enèji:li fòme an glikoz sa vin ran li bay vitalite ak konbistib nan kò a

 

Kijan nou ka wè sik la pa bay pwoblèm nan sa nap manje yo,se sa nou fè ak enèji nou konsime yo,chache jwenn yon balans nan sik nap manje chak jou ak kijan nou boule kalori yo,sa se kle pou yon rejim,san vle fèw konprann nan sa seke si wap manje fòw fè efò pouw fè egzèsis pou w pa malad,pouw ka boule kalori yo si non ou ka vin fè maladi sik,tansyon,kolestwòl elatriye,ou sipoze ekilibre bagay yo.