Bon lanmou an pa fèt ni pa parèt konsa,li jis bati

Mit lanmouromantik la se pa yon bon lanmou gendwa moun kap fè fim yo responsab aparans sa yap fè pase a,gen de bagay sèl nan fim yo ka fèt epi gen moun ki panse se vre epi yo fè foli pou viv nan lanmou san ke yo pa menm panse si se yon fim,lanmou nan fim yo pa dire anpil ke sèlman 1 èdtan 45 minit.Nan mond reyèl la bagay sa yo pa egziste men.

 

Nou dwe gen sa kle nan tèt nou ke lanmou romantik la pa yon bon lanmou se yon bagay imajinè ke anpil moun ap fè aparans avèl atansyon poun pa tonbe nan pyèj nou konnen gen fi se aparans ki konte pou yo men piga apre sa ou kriye

 

Lanmou se pou tout lavi sa pa enposib,nou paka neglije sa paske gen anpil moun ki fè efò pou kenbe lanmou yo janm menm siw kwè lanmou se pou lavi men toujou poze tèt ou kezyon eskew byen ak moun ye a.

 

 

Jalouzi se yon prèv lanmou ,pou lanmou romantik la jalouzi se yon ekspresyon afeksyon san jalouzi pa gen yon bon lanmou,lide jalouzi a tou se yon risk,yon echantiyon dominasyon mefyans nan lanmou fòn apran bati konfyans.
Dimansyon ki ka bati yon bon lanmou

1.Yon bon kominikasyon:se pa yon lanmou diktati kote se yon sèl moun ki gen dwa pale,pase lòd,pran dezisyon,men pito yon lanmou demokrasi kote ki gen respè ak lòd youn pou lòt.Sipò ak rekonesans

2.Tou de moun gen respè youn pou lòt,youn valorize lòt,rekonèt bon kalite ak defo,san mepri,ironi,imilyasyon,sa ap ede nou pwogrese.

3.Konplisite ak afeksyon sensè,se yon bagay ki senp pouw pèdi premye afeksyon yo sitou lèn gen anpil tan ansanm men sa pa vle di pou ke n pa toujou kontan,plis gade sa ki bon nan moun nan goumen pou yon fiti ansanm.