Eske sa konn rivew pafwa,ou santiw jalou?

Chak tan siw santi ou jalou pou yon bagay oubyen pou yon moun,ou santiw ajite,ou pa konsantre,ou santi lestomak ou ap fèw mal se pa yon bon siy pou santew.
Enfeksyon nan aparèy respiratwa
Santiman ki jenere jalouzi,pwovoke yon feblès nan sistèm iminitè ou,ki fèw rive malad plis.
Doulè lestomak
Se yon lòt efè jalouzi,ki ka rive pwodwi ilsè nan lestomak nan yon tan
Estrès
Panse negativ jalouzi a pwovoke,fè kò a pwodwi plis kortisol ak adrenalin,nou konnen l deja estrès bay plizyè maladi menm saw pat espere.
kate-winslet
Dan sere
Santiman negativ yo fè dan moun nan sere pandan lap dòmi sa konn plis pase
Enkyetid
Santiman sa pwodwi sechrès nan bouch,batman kè fò,tèt vire,fatig,men tranble ak manke kapasite pou konsantre
Siw se yon moun ki gen jalouzi fè yon lis kapasite ou genyen nan ou,pigaw konparew ak pesòn chak moun gen pwòp vi yo pa janm mande oubyen pouw vle nan plas nenpòt moun nan,ou pa konn sa lap simonte plis pouw ta jalou pou bagay li genyen yo.Ou menm ankò kap pwodwi maladi nan kòw,viv pou tèt ou ak saw genyen kontanplew ak kapasite w,konsa wap viv pi alèz san maladi sa yo.Pa janm bliye lavi a bèl epi kout bat pouw toujou viv chak jou byen menm si bagay yo pa fasil epi jalouzi pap mennenw lòt kote ke detwi lap detwi vi ou.