Kijan pouw anime mennaj ou?

Menm si gen anpil bagay ki egziste oubyen planifye nenpòt pwogram ak pawòl ou ta itilize pou fèl kontan nan fen jounen an gendwa pa sifi,sak enpòtan se pouw la pou li,montrel kijan li enpòtan pou ou.

 

1.Pase tan ak zanmi ansanm avèl depiw siw wè se sa kap fèl souri,evite kontak ak alkòl paske alkòl la ap fèl bliye pwoblèm lap travèse a pou yon titan apre li pral sonjel kou alkòl la pase,jis pase tan bò zanmi yo poul ka santil byen,bat poul pa panse ak anyen,konsa tou li gendwa vle sòti pou kòl ak zanmil lèl tris,pa anpechel,men si moun nan se yon moun lèl tris oubyen li gen pwoblèm se ak ou li renmen rete evite tout kontak zanmi nan moman sa.

 

2.Jwèt,pa janm panse nou twò gran pou nou jwe,toujou chache mete yon ti ambyans,li te mèt yon ti jwèt kat,oubyen envitel nan pak.

 

3.Fè yon bagay li toujou renmen fè,al visite yon restoran ki fenk fèt,al bwè krèm,sinema,toujou bat pouw fè kèl kontan ak yon bagay ki pou fèl souri,yon souri vo anpil.

 

 

4.Fèl sòti nan kay la,lè yon moun tris sil rèt andan kay,lap pi tris toujou,lap toujou bezwen pran lè menm sil pap vle sòti men eseye konvenk li poul sòti pou tristès pa fini avèl.

 

5.Fè manje li pi renmen an,nan moman tristès tout bagay konte,yon senp jès ka fè moun nan santil byen,si chak jou ou eseye fèl viv yon lòt jou malgre soufrans li se wè wap wè lap fè anpil efò poul sòti nan sal ye a.Dil ou la pou li pa gen anyen ki ka anpeche relasyon nou avanse apre Bondye,fèl konnen li gen yon moun poul konnen si tout bagay ta vin pi nwa.

 

 

6.Pa bal manti,siw wè bagay la ka vin pi grav ak tout fòs dil sa,pou li ka admèt ak sa kap pase a konsa lap wè reyalite a anfas lap gen plis fòs pou li goumen.

 

Nou dwe viv lavi a chak jou byen kit gen kòb pa gen kòb,nou pa bezwen diw siw gen yon moun ou renmen anpil bò kotew,egoyis pa bon sil tris deprime edel poul pa rete nan tristès la.