Rezon ki fèw dwe fè sèks pi souvan ak mariw

Pafwa konn gen pleyen nan koup la pou rezon sa,sa depan tou konbyen tan yo gen ansanm dapre rechèch yo fè sa konn kòz moun yo divòse
pouki rezon ou dwe fè sèks ak mariw pi souvan?nou pral baw kèk ti detay nan atik sa

 

1.Li bon pou sante:Li fè kè bat pi byen,li boulè kalori,li edew dòmi pi byen,li desann nivo estrès la,li fèw viv plis tan,li ògmante sistèm iminitè a.

 

2.Li plis ini ou ak mariw:Pa gen lòt bagay ki ka fèw santiw pi pre mariw,poul toujou ap boulvèse lepriw,toujou ap fè kèw bat kè lèw antre nan relasyon entim avèl chak tanw fèl pi souvan se yon lòt bagay ki eveye nan nou,lèw pa fèl avèl fasil wap voye al chache lòt moun poul abitye,bat pou kòw toujou ankontak ak kò mariw.

 

 

3.Li fòse ou kominike:Pandan wap fè lanmou pale avèl dil saw renmen,eseye fè yon kominikasyon ki pral yon benefis pou nou tou 2,retire tout dout nan kabann nan.

 

4.Li ede ou grandi kòm yon moun:Nan yon relasyon entim ki ansante li nesesè pou pa gen wont oswa timid,kontak yo dwe dirèk san difikilte.

 

5.Pouvwa sèks:Nan moman relasyon entim nan sèvo a pwodwi yon òmòn ki rele oksitosin se yon òmòn ki pemèt moun gen plis konfyans ak mwens pè.

 

Gen anpil lòt rezon toujou,nou kitew pouw fin eden di rès yo nan kòmantè.