Konsèy pou manman ki despere

Gen yon fanmi se pa anyen ki fasil sitou nan peyi nou se fi a ki preske fè tout bagay gason pa vle fè manje ni eseye fè,lè bagay la vin pi konplike se lè vin gen pitit se yon obligasyon pouw bay papa,pitit tan ak lanmou men fòk tèt ou sou zepòl ou pouw pa fòl.

 

Kisa wap gen pouw fè?pigaw rèt konsantre mete fanm sou ou pouw chache solisyon
Mande fanmiw pou edew
Siw gen moun nan fanmiw ki rete tou prew,ekplikel sityasyon an pou wè nan kisa li te ka edew nan kay la,konsa wa gen yon titan pouw fè rès ki pat janm fini yo(acha,netwayaj,lesiv) sil pa kapab tou,mandel sil ka voye yon moun li fè konfyans pou edew.

 

Chache yon moun pou travay ak ou
Depiw wè bagay la twòp pou ou,pale ak mariw dil si o si ou bezwen yon moun ki pou edew,ou pa kapab ankò,li te mèt se lesiv moun nan fè ak manje travay sa yo pi fatigan ke tout bagay apre sa ou menm wa okipe rès bagay yo paske fòw bay timoun nan leson,jwe avèl,fèl manje elatriye.

 

 

Priyorize
Lèw gen twòp travay ki pa fin fèt,fè yon lis mete tout sak ijan yo anvan pouw ka wè sa pouw fè,pa kòmanse fè tout ansanm ou pa janm rive fini ak yo epi gade byen sak ka rete pou yon titan.
Paralize tout vye lide ou yo
Konsèy sa se pou moman pi difisil la pafwa,wap pase nan pil pwoblèm sa yo,ou ka regrèt tout viw kew te kreye yon fanmi,oubyen ou anvi tiye tèt ou menm apeti ou pa genyen,timoun ap kriye,manje ap boule,moun ap frape nan pòt la se twòp bagay,men pa janm panse fè tèt ou mal,toujou panse e aji ak trankilite yon jan pouw regle tout bagay sa yo,se pouw fò.

 

Pigaw pase raj ak pwoblèm ou sou lòt moun
Si wap pale ak pitit ou,pigaw janm pwofite de pwoblèm ou genyen an pouw aji sou li ak kòlè,li pap konnen men ou konnen sa wap fè a nap diw se yon enjistis li ye e nou pa kwè Bondye vle moun fè lòt mal,pigaw bat timoun yo pou pase raj pwoblèm sou yo,timoun nan ap vin panse ou pa renmenl.

Siw fè yon bagay ki mal mande padon
Siw fè yon erè paske pwoblèm ou yo pousew fè sa,rele sou moun oubyen pale mal,mande moun nan padon epi dil sa kap pasew la pa rete sanw pa pale,pap janm gen moun ki ap konnen ki sa kap pasew,toujou bat pouw korije sak fèt la,konsa wap jwenn solisyon ak moun ki pou edew.
Nou espere ti konsèy sa yo itil ou,siw se yon moun kap travèse moman difisil nan kay.Toujou bat pouw rilask ou menm si bagay yo pa fasil,sitou ak pitit ou mariw.

alg-cooking-mother-daughter-jpg