Koman pouw sipòte yon moun ki soufri depresyon?

Detekte yon depresyon pa senp men li pa enposib moun ki genyen l lan toujou parèt tris,deprime,paka dòmi,paka manje,li gen parèt gen anpil pwoblèm li vin rive pa konsidere tèt li menm jan ankò jiskaskel tonbe nan yon maladi fisik grav.

 

Siw vle trete yon depresyon kronik wap bezwen èd yon profesyonèl,gendwa nan antouraj ou gen yon moun ki gen yon pwoblèm konsa,janw wèl konpotel,aji li gendwa gen yon gwo problèm men pa fèl santil eseye konpran li.

 

 

Kòman pouw simontel

 

Despresyon se pa yon maladi senp sa ka rive li mande trètman ak terapi ou paka vrèman ka simontel moun nan pa ka ekplike sakap pasel la nan moman,se pou tèt sa dwe gen anpil pasyans pou sa
pa fè vye kòmantè siw paka di anyen fè silans.

 

 

Fèb:Yon maladi pa sinonim feblès montrew gen pasyans pou yon moun ki gen depresyon montrel ou renmenl anpil pa bat pouw fèl santil mal,pa jijel.

 

Joure:Lè yon moun gen depresyon pa gen bon pawòl kap sot nan bouch li paske kèl pa anpè li pa gen anyen kap fè kèl kontan nan moman pa okipew de li nan moman,sil pale lèd avèw bat pouw pa bal repons.

 

 

Yon moun ki gen deprezyon pa vle santi anyen kap fèl mal sèl bagay ki pou fèl santil byen men sikonstans li ye a pa pèmèt li byen,avanw dil nenpòt bagay li tap pi bon siw chache yon espesyalis pou edel simonte pwoblèm sa.
Siw gen yon moun nan fanmiw ki gen maladi sa pa nwil,pa rann li pi mal jis mennenl kay yon espesyalis.
ou nan yon moman depresyon? oubyen yon fanmiw? rakonte nou kòmanw fè pou yo edew nan moman difisil sa ?